Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Fontamara 29 bloke lendi maten an

Fontamara 29 bloke lendi maten an

Wout Fontamara 29 bloke lendi maten 13 septanm lan.

Wout Nasyonal nimewo 2 ki relye Pòtoprens ak 4 depatman peyi a bloke jodi lendi an, byen bonè nan maten, nan nivo Fontamara 29.

Poko gen twòp detay sou sa ki ta lakoz mouvman blokaj sa. Men, n ap siyale machin pa ka pase paske sikilasyon an vin totalman paralize, sof chofè motè ki jwenn kèk ti espas pou franchi, selon sa repòtè Zénith FM lan, Landa Michel te enfòme ak Juno7.

Te gen tire tou ki te kreye panik nan zòn lan. Daprè tout dènye enfòmasyon se yon blennde PNH la ki t ap eseye ale debare wout la ki te oblije tire epi te gen ripòs bò kote endividi ame ki bloke wout la.

Pa gen blese apre echanj tir sa yo. Wout Fontamara a toujou bloke depi 5 è 30 nan maten an. Okenn moun kap obsève pa vrèman konnen rezon blokaj sa.

Wout Nasyonal nimewo 2 a, se wout ki mennen nan Gran Sid la, se la anpil kamyon pase pou ale nan depatman Sid, Grandans ak Nip pou pote èd bay viktim tranbleman tè 14 out yo.

Fontamara 29 bloke lendi maten an

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce lundi 13 Septembre 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu