Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Foutbòl: Zlatan bay chak jwè Milan AC nouvo PS5 lan

Foutbòl: Zlatan bay chak jwè Milan AC nouvo PS5 lan

Zlatan Ibrahimovic, ansyen jwè seleksyon syedwàz la fè kado chak jwè ekip foutbòl Milan AC a, klèb kote l ap evolye, yon nouvo PS5 ki pa gen lontan li soti.

Yon jès ke anpil koyekipye foutbolè a apresye. Anpil nan yo sou paj IG yo remèsye ansyen jwè PSG a pou jès sa.

Selon kèk sit ak paj Facebook ki konsakre ak pataje enfo sou klèb Milan an fè konnen Zlatan ofri PS5 lan ak patizan li yo pou felisite yo pou bèl debi sezon yo ap fè ak Milan AC aktyèlman.

Nan chanpyona italyen an, Milan gen 17 pwen apre 7 jounen kote li fè 5 viktwa, 2 nil, 0 defèt epi okipe premye plas la. Yo make 16 gòl epi yo pran 7. Nan 16 gòl sa yo, Zlatan make 8 epi okipe 1e plas nan klasman pi bon bitè yo.

N ap raple w Zlatan plis renmen Xbox, li te menm anbasadè l an Frans, an 2013. Li deside bay koyekipye l yo PS5 ki trè ra sou mache a kote vèsyon klasik la koute 499 ewo sou kontinan ewopeyen an.

Dekouvri plis:

RCNS ap pare pou lanse Somè Mondyal sou Lidèchip nan Pòdepè

Plus de contenu

Sports

Le Milan AC toujours en panne de victoire après sa défaite face à la Lazio de Rome (4-0). En six matchs joués pour l’année...

Sports

Après onze années de disette, l’AC Milan remporte le championnat d’Italie. Sans trembler l’AC Milan AC a remporté ce dimanche son 19ème scudetto après...

Sports

Francesco Camarda, 13 lane, make 483 gòl pou 87 match ak ekip jèn Milan AC a  Francesco Camarda se non jèn atakan italyen sa...

Sports

Zlatan Ibrahimović de retour et buteur, le Milan AC s’impose contre la Lazio de Rome. Pour le compte de la troisième journée du championnat...