Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

FUTRAH menase grèv jeneral sou tout peyi a si gouvènman an pa retounen sou desizyon li an avan 19 sektanm

FUTRAH menase grèv jeneral sou tout peyi a si gouvènman an pa retounen sou desizyon li an avan 19 sektanm

FUTRAH ak yon ventèn lòt òganizasyon sendikal nan sektè transpò a bay gouvènman an twa jou pou retounen sou desizyon li an. Nan ka kontrè yo menase grèv jeneral sou tout peyi a apati 19 sektanm.

Premye minis Ariel Henry nan yon adrès ak nasyon an li te fè dimanch 11 sektanm 2022 te anonse desizyon gouvènman li an pran pou monte pri gaz la, yon desizyon ki kreye kòlè kay plizyè moun nan popilasyon an ki pa sispann mobilize nan 4 kwen peyi a depi lendi aprèmidi ki te 12 sektanm lan. Nan sans sa, Front Unifié Transportateurs et des Travailleurs d’Haïti (FUTRAH) nan yon nòt li mete deyò nan tèt kole ak plizyè lòt òganizasyon sendikal nan sektè transpò a bay chèf gouvènman an twa jou pou l retounen sou desizyon sa epi menase fè grèv apati lendi 19 sektanm.

Nòt sa ki pote siyati Montès Joseph, kwòdonatè jeneral FUTRAH, fè konnen kondisyon yo pa reyini pou gouvènman an monte pri gaz la kote popilasyon an lage pou kont li, manman ak papa pitit ap prepare rantre lekòl pitit yo nan yon peyi ki gen yon kriz sosyopolitik tèt chaje. Nan sans sa, gwoup òganizasyon sendikal sa yo anndan nòt la fè konnen yo bay gouvènman Ariel Henry an 3 jou pou tounen sou desizyon l.

Pi lwen anndan nòt sa, FUTRAH ak ansanm òganizasyon yo poze 13 kondisyon pou yo ta aksepte pouvwa an plas la ta mete 15 goud an plis sou gaz la. Yo mande fòk plizyè zòn debloke tankou Matisan, Kanaran, Kwadèboukè ak Malpas. Nan kondisyon 5 lan, yo mande tou pou zòn metwopolitèn lan debloke pou moun sikile san pwoblèm.

Toujou nan menm kondisyon sa yo, FUTRAH ak lòt 20 òganizasyon sendikal yo mande pou gen yon Tèminal estokaj gaz nan Gran Sid ak Gran Nò peyi a.
Nòt sa nan kondisyon 8 la mande yon Tèminal estokaj tou nan zòn metwopolitèn lan.

FUTRAH menase grèv jeneral sou tout peyi a si gouvènman an pa retounen sou desizyon li an avan 19 sektanm

Nan kondisyon 9 la, FUTRAH mande pou gouvènman ki la a pran responsabilite retire kontwòl gaz la nan men 5 fanmi li kalifye anndan nòt sa kòm oligak kowonpi k ap toupizi popilasyon Ayisyèn lan epi retounen kontwòl gaz la bay enstitisyon entènasyonal yo tankou Shell, Texaco, Esso ak Total.

Òganizasyon sendikal transpò yo mande tou pou gouvènman an pran desizyon retounen ak enstitisyon bankè entènasyonal yo pou pèmèt rezoud pwoblèm dola k ap bay goud la souflèt.

Nan kondisyon 12 ak 13, FUTRAH mande pou bay Polis la ak lame a bon jan mwayen pou sekirize peyi a epi mande pou lajistis fonksyone sou tout teritwa nasyonal la.

Nan dènye kondisyon an, tout òganizasyon yo bay Ariel Henry twa jou pou fè bak sou desizyon li an, nan ka kontrè yo menase yon grèv apati lendi 19 k ap dire 5 jou, si aprè 5 jou grèv la, gouvènman an toujou boude demann yo an, y ap anonse grèv jeneral ilimite sou tout peyi a.

Pami lis sendika ki siyen yo gen FUTRAH, FTA, STCPH, CT2H, SOGSA elatriye.

Dekouvri plis:

“La crise haïtienne est une menace pour la sécurité dominicaine”: declare Luis Abinader à l’OEA

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu