Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Enspektè Garry Desrosiers drese bilan operasyon lapolis mennen 2 janvye pase a nan Kanaran

Enspektè Garry Desrosiers drese bilan operasyon lapolis mennen 2 janvye pase a nan Kanaran

Nan yon konferans pou laprès jodi madi 5 janvye 2021 an, anndan lokal DCPJ, pòt pawòl polis nasyonal la, Garry Desrosiers prezante bilan operasyon PNH la mennen sitou 2 janvye ki sot pase a, anndan zòn Kanaran.

Arestasyon, sezi zam ak machin

Nan operasyon 2 janvye lapolis te mennen an, enspektè Desrosiers fè konnen te gen plizyè inite anndan lapolis la ki te rive sezi plizyè zam, pami zam yo gen youn se pou yon polisye.

“Operasyon sa te genyen plizyè inite lapolis ladan li, Swatt, BRI, BOID, CIMO, UDMO, egalman komisarya Kwadèboukè e ki te an sipò avèk otorite legal ki nan zòn Kwadèboukè a. An total genyen kat pistolè ki sezi dont yon pistolè de kalib 9 milimèt pou lapolis nasyonal. Pistolè sa se pou youn nan polisye ke yo te atake nan zòn Mòn Kabrit, se pistolè sa ke nou jwenn nan men mesye sa yo. Yon fizi daso AR15, 2 zam fabrike”, esplike pòt pawòl la.

Pi lwen, pòt pawòl la fè konnen anndan menm operasyon sa, lapolis sezi 87 badj FADH, epi anonse ke DCPJ deja pare pou lanse avi rechèch dèyè moun sa yo

“Genyen 87 badj ki gen ekrito FADH, e n ap di tout badj sa yo ke nou rekipere yo DCPJ pral lage avi rechèch dèyè tout moun sa yo”.

Lapolis sezi 28 telefòn, 4 ensiy BSAP, 2 machin sezi epi 8 arestasyon, toujou selon enspektè Desrosiers, pandan l te tou pwofite konfime ke gen 3 moun ki te arive mouri nan kad operasyon sa. Selon Pòt pawòl la ki t ap reponn kesyon jounalis, li enfòme ke nèg yo te ame, lapolis fè travay li

“Nou wè ansanm materyèl ki sezi yo. Nou wè zam, nou wè lòt minisyon, sa vle di se zam ke yo sezi pandan operasyon an, klè ki eksplike ke nèg yo te ame e lapolis li menm te fè travay li”.

Asasen Sherley Monfort a nan DCPJ

Enspektè Garry Desrosiers drese bilan operasyon lapolis mennen 2 janvye pase a nan Kanaran

Zenden Anderson Cherestal

Toujou nan menm konferans pou laprès sa, pòt pawòl la konfime ke asasen Sherley Monfort a ki te bay demwazèl sa anviwon 20 kout kouto 1e janvye pase a nan men lapolis ap reponn kesyon DCPJ

“Aktyèlman otè(zak) lan li nan DCPJ, ki rele Zenden Anderson Cherestal, se papa li ki kondui li nan DCPJ. Lè misye fin poze aksyon sa, misye kouri l al kache Klèsin. Se yon asasina, yon krim san parèy”, rapòte mesye Garry Desrosiers.

Garry Desrosiers te kontinye pou l di ke DCPJ resevwa anviwon 2 mil plent pou ane 2020 an. Plent sa yo selon pòtpawòl la, plenyan yo enfòme DCPJ ke gen moun k ap rele yo nan telefòn epi fè menas sou yo. Gen plenyan tou ki rapòte bay DCPJ ke moun yo pa rive idantifye lage papye devan biznis yo epi rele yo pou di yo si yo pa voye lajan sou nimewo ki nan papye yo kite a y ap tiye yo, daprè eksplikasyon Garry Desrosiers bay.

Dekouvri plis:

L’attaquant haïtien Ronaldo Damus signe en deuxième division aux Etats-Unis

Plus de contenu

Météo

Le bilan de l’ouragan Ian s’alourdit, on parle d’environ 80 morts dans l’état de la Floride, le plus touché. Si pour CNN les autorités...

Actualités

Haiti: le gouvernement haïtien dresse un bilan de ses réalisations dans le Grand Sud à l’occasion du 1er anniversaire du séisme du 14 août...

Aktyalite AN KREYÒL

Sen Mak: Lapolis arete yon doktè chalatan nan lopital Sen Nikola. Lapolis nan vil Sen Mak poze lapat jodi madi 26 oktòb la sou...

Actualités

Séisme du 14 août 2021: Le bilan définitif s’élève à 2248 morts et 12763 blessés, rapporte le directeur général de la Protection Civile Jerry...