Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sen Mak: Lapolis arete yon fo doktè nan lopital Sen Nikola

Sen Mak: Lapolis arete yon fo doktè nan lopital Sen Nikola

Sen Mak: Lapolis arete yon doktè chalatan nan lopital Sen Nikola.

Lapolis nan vil Sen Mak poze lapat jodi madi 26 oktòb la sou yon sèten Charles Sébastien ki ta fè tèt li pase pou yon medsen epi ap ofri sèvis nan lopital Sen Nikola nan Sen Mak.

Nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo montre jèn gason sa ak blouz blan li sou li, jeans li sou li, l ap reponn kèk kesyon apre arestasyon li.

Nan yon pale ak yon sous, li fè jounal la konnen medsen chalatan sa pwofite de absans pèsonèl nan lopital la paske lopital yo gen yon sal ki rele medsin entèn ki etène malad, dèfwa se estajyè ki konn rete epi kèk mis. Misye aranje l kote ki gen doktè yo li pa kanpe la, pa gen siveyans vrèman, Misye pwofite de sa epi fè anpil akouchman akote epi jodia kèk doktè ki ap swiv misye lontan rele lapolis pandan li fè bon lajan sou moun yo, selon eksplikasyon sous sa.

Doktè chalatan sa twouve l kounya nan Komisarya vil Sen Mak pou swit legal yo. Pa gen enfòmasyon sou konbyen lane li genyen l ap fè sa anndan lopital ni tou si gen moun ki mouri oubyen ka yo vin kritik pandan moman l ap akouche moun, bay piki, egzeyate moun. Yon bagay ki dwe pran trè serye lè n konnen koze medsin pa yon jwèt epi lasante pa vann nan mache pandan chalatan ap pase moun nan tenten.

Dekouvri plis:

Etazini: Yon fotograf efase tout foto maryaj yo paske lamarye yo refize l manje nan resepsyon an

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Lapolis te debake yè lendi swa a nan Ri Nicolas, nan baz atis Fantom. Nan kad debakman sa, lapolis arete plizyè moun ki te...

Aktyalite AN KREYÒL

Imaj: Polisye yo te itilize anpil gaz pou kraze mach sitwayen yo t ap fè a jodi mèkredi 10 fevriye 2021 an Yon mach...

Aktyalite AN KREYÒL

Jodi mèkredi 10 fevriye 2021 an, nan kad yon mach ki te òganize nan kapital ayisyèn lan pou denonse konpòtman diktati anpil sitwayen estime...

Aktyalite AN KREYÒL

8 fevriye: Imaj: Tansyon an te wo sou Channmas ant militan ak lapolis Jodi lendi a sou Channmas, plizyè militan te anvayi plas papa...