Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Endividi yo pa rive idantifye voye gaz lakrimojèn nan bal Zafem ki t ap fèt Orlando a

Endividi yo pa rive idantifye voye gaz lakrimojèn nan bal Zafem ki t ap fèt Orlando a

Endividi moun pa rive idantifye voye gaz lakrimojèn nan yon bal Zafem ki t ap fèt Orlando, peyi Etazini, mayestwo Dener Ceide fè konnen yo fenk kare la.

Endividi malonèt simen latwoublay nan bal gwoup mizikal Zafem ki t ap fèt nan Xperience Live nan Orlando, peyi Etazini. Yo voye gaz lakrimojèn nan foul la ki lakoz anpil panik lakay moun ki te vini pou pran plezi ak gwoup sa ki gen yon album k ap byen mache epi ki trè apresye pa fanatik li yo ak moun ki renmen mizik. Selon dènye enfòmasyon ki rive jwenn jounal la, plizyè moun te endispoze nan sware sa.

Pandan dezyèm pati a fin kòmanse, anviron 2è nan maten. Moun yo pa rive identifye lage GAZ gate bal la. Gaz la bay pandan Zafèm te pral jwe dyaman nan bidonvil, daprè detay yon fanatik bay ak redaksyon jounal Juno7.

Mayestwo Dener Ceide aprè aksyon malonèt sa fin pase, te pran mikwo pou l di: “Zafem la pi rèd. Sa yo pa vle wè a se li y ap wè. Zafem la pi rèd.”

Mayestwo a fè konnen tou se yon bèl bagay lè sa yo rive sa montre y ap travay epi deklare yo fenk kare la.

Koze kraze bal ak gaz lakrimojèn se yon bagay ki vin tounen yon abitid nan sektè mizikal la kote pou ti krik ti krak vakabon voye gaz epi kraze aktivite yo. Okenn sanksyon pa janm pran kont moun sa yo ni anyen sanse pa janm fèt pou eseye kontwole moun k ap rantre nan pwogram yo kisa yo pote.

Endividi yo pa rive idantifye voye gaz lakrimojèn nan bal Zafem ki t ap fèt Orlando a

En savoir plus:

Pastè Marco mennen “brebi egare” yo Kanaran, plizyè viktim anba bal bandi

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Un gala de Noël éblouissant offert par la formation musicale Zafem au Centre de Convention El Rancho. Le groupe Zafem emmené par le maestro...

Éducation

“Dyaman nan Bidonvil”, yon tèks Zafèm sòti nan ekzamen ofisyèl bakaloreya. Ekzamen ofisyèl bakaloreya fini jodi jedi 3 out 2023 la sou tout teritwa...

Éducation

“Pa sezi si yon tèks Zafem sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl”, prévient le ministre de l’Éducation nationale Nesmy Manigat. À la suite de...

Culture

Le groupe musical haïtien Zafèm figure dans le classement des 15 meilleurs de Billboard, le prestigieux magazine américain. Le magazine hebdomadaire américain, Billboard, consacré...