Gen 7 depatman anndan peyi Dayiti ki riske pou touche pa tanpèt twopikal Grâce, otorite yo toujou kenbe vijilans oranj la
Nan moman atik sa t ap ekri a, nan plan nasyonal jesyon risk ak dezas, otorte yo toujou kenbe vijilans oranj pou tanpèt twopikal Grâce k ap fè aparisyon l sou peyi a.
Depi maten solèy la pa vrèman leve. Vè 11 è 30 nan maten, Pòtoprens koumanse mouye ak lapli ki kòmanse ap fè aparisyon li.
Nan nouvo bilten meteyo ki te soti vè 9 è maten an enfòme pou l di sant depresyon twopikal Grâce sitiye l 200 km Sidès Pòtoprens, Ayiti epi 280 km nan Ès vil Okay. Li ap deplase lwès a yon vitès 24 km/lè.
Sant depresyon siklòn sa ta dwe oryante l zòn preskil Sid Ayiti nan kòmansman aprèmidi a ak aswè a. Ap gen aktivite lapli, bon kout loraj, selon bilten espesyal meteyo sa.
Depatman ki plis sansib yo se Sidès, Nip, Sid, Grandans, Lwès, Sant ak Latibonit.
Otorite yo prevwa pandan pasaj tanpèt twopikal sa ke lanmè a kapab kite kote l ye a pou rive sou latè.
Tanpèt sa vini 2 jou aprè ke peyi a sot pran yon tranbleman tè 7.2 ki fè anpil dega nan depatman Grandans, Sid ak Nip kote plis 1 297 moun mouri, plizyè milye nan lari san konte anpil lòt ki blese.
Dekouvri plis:
Le MSF relocalise son centre d’urgence à l’avenue Charles Summer