Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Gonayiv: yon ti gason 17 lane sibi vyolans seksyèl anba men mennaj li ak 3 lòt medam ki ba l dwèt nan dèyè

Gonayiv: yon ti gason 17 lane sibi vyolans seksyèl anba men mennaj li ak 3 lòt medam ki ba l dwèt nan dèyè
Getting your Trinity Audio player ready...

Gonayiv: Emmanuel Batestie ki gen 17 lane sibi vyòl kolektif anba men mennaj li ak 3 lòt medam ki fòse l fè sèks ak yo epi ba l dwèt.

Emmanuel Batestie se non minè 17 lane sa ki sibi yon vyòl kolektif 19 fevriye ki sot pase a nan Gonayiv, daprè sa avoka l Rosemond Steevens konfime pou Juno7. TI jenòm nan te ale bwè ak manje sou envitasyon mennaj li, se menm moman an 3 lòt medam ki se zanmi mennaj la te vin parèt. Pandan Emmanuel t ap fè sèks ak mennaj li, 3 lòt yo te rantre nan chanm lan, fòse l pou l kouche yo jistan yo komanse be l dwèt epi arive kreve l. Pou kounya dosye sa devan lajis aprè viktim nan te akonpaye ak kabinè avoka l Mèt Rosemond ak asosye pou te pote plent.

“Zanmi seksyèl li te envite l lakay li pou bwè 2 vè tafya. Konsa lè l rive yo kòmanse bwè. Demwazel la te prepare vyann epi yo ap manje. Konsa, 3 lot medam parèt ki se zanmi demwazèl la ki kapab petèt te resevwa envitasyon de demwazel la tou, filin tafya monte yo, demwazèl la deside al pran yon koupe nan men misye nan chanm li pandan l kite medam yo anba galri a”, selon eksplikasyon Mèt Rosemond Steevens.

Avoka viktim lan te kontinye pou l di: “Demwazèl la t ap fè anpil alsiyis, 3 lòt medam yo tande, yo deside antre nan chanm nan yo di si yo p ap konyen tou. Mennaj la se ri l ap ri olye li ta repouse medam yo.”

Selon sa òm de lwa a rapòte pou Juno7, viktim nan pa t dakò. Aprè anpil pale men pa t ko gen vyolans misye deside fè sèks ak yon lòt, aprè misye di li pa ka koupe ankò paske li pa t gen randevou avèk yo. Medam yo deside pase an fòs epi medam yo kòmanse bay Emmanuel dwèt.

Mèt Rosemond Steevens fè konnen yo kreve dèyè minè a, li menm ap mande tèt li si medam yo pa biseksyèl si yo arive nan bay ti gason an dwèt.

Kabinè avoka k ap trete dosye a getan pote l devan lajistis pou otè zak sa yo pouswiv epi pini jan lalwa mande sa.

Gonayiv: yon ti gason 17 lane sibi vyolans seksyèl anba men mennaj li ak 3 lòt medam ki ba l dwèt nan dèyè

En savoir plus:

Mondial féminin: 8 pays dont Haïti et le Portugal joueront pour la première fois la compétition

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu