Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Haïti : Jude Céléstin a enfin parlé

Presidential candidate Jude Celestin, from the LAPEH party, gives a press conference in Port-au-Prince, Haiti, Friday, Nov. 6, 2015. Celestin, a former state construction chief, and government-backed candidate Jovenel Moise, appear to be advancing to a runoff election for Haiti's presidency, according to preliminary results announced Thursday. (AP Photo/Dieu Nalio Chery)

L’homme politique du parti (LAPEH) Ligue alternative pour le progrès et l’émancipation haïtienne, l’ancien candidat à la présidence M. Jude CÉLÉSTIN est enfin sorti de son silence en délivrant un message frappant sur sa page facebook concernant la situation que traverse le pays actuellement.

Un message publié en créole haïtien.-

Frem ak sèm yo, 

Tankou anpil nan nou mwen viv ak gwo kè kase move van kap soufle sou peyi m, move van preske chavire tirès kichòy nou rete nan kanòt la. Moun ki kenbe zaviron yo pa menm konn kote yo prale, yo pa pran memm direksyon ak majorite popilasyon an.

Tankou anpil nan nou ki soti nan mas la mwen santi zantray mwen ap koupe lè map gade kijan lavi vinn pi mangonmen pou popilasyon an malgre bèl diskou ak pwomès tout kalte. Tankou anpil nan nou map gade ak dlo nan je kijan yo pouse do inivèsite a ki gen pou misyon ede chanje lavi. Se menm ti ekip la, yo pa fè pwomosyon pou jèn fanm ni jèn gason. Yo prefere asele yo mande yo sa yo paka bay ou pata dwe bay pou opòtinite pwazon rat. 

Anpil fwa li bon lè silans ak obsèvasyon ede w wè pi byen reyalite a epi pran angajman pou pote kontribisyon w pou chanje sa.
Nan lekòl lavi politik la rekreyasyon an dwe fini. Fòk tout elèv ki kwè nan batay kont lavi chè, koripsyon ak malsite yo tanmen pran tichèz yo pou ansanm nou rebay lespwa ak jenès la kap pati kite peyi a chak jou.

Zòrèy mwen louvri pou m tande revandikasyon ni si la yo kite vote pou mwen ni sila ki pat vote pou mwen. Kidonk, bagay yo rèd pou nou tout, se nou tout ki pou fè sa nou konen pou konbat yon sistèm peze souse kap detri chak jou rèv zansèt nou yo. 

– Rekreyasyon an ki pèmèt bandi san fwa ni lwa ap touye polisye nou yo, dwe fini!
– Rekreaysyon ki fasilite koriptè tout kalite ap taye banda a dwe fini!
– Rekreyasyon ki fè yon ti ekip jwisè ap maspinen majorite a dwe fini!
– Rekreasyon ki fè bandi ak blanchisè kontrole aparèy jistis ak ekonomi peyi a dwe fini!

Operasyon kole zepòl kont lavi chè ak koripsyon an se konye a! Operasyon sa dwe fèt nan mitan sosyete a, nan inivesite a, nan mitan òganizasyon yo, nan katye popilè yo ak pelerinaj tout kalite nan lari a pou fòse respekte dwa nou tout jan zansèt nou yo te batay pou sa.

Mwen salye tout militan angaje nan batay pou chanje lavi a. Mwen nan mitan nou, mwen pa depaman. 

Jude Célestin.

[views]

Plus de contenu

Opinion

Les drapeaux, emblèmes vibrants de l’identité nationale, ne se contentent pas de flotter au vent ; ils portent en eux les récits captivants d’une...

Actualités

Les haïtiens dans la lutte quotidienne contre l’inflation Depuis des années, les haïtiens notamment ceux qui vivent dans la capitale haïtienne, Port-au-Prince, se battent...

Actualités

Refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen débarquant dans les aéroports de République dominicaine : Interrogations sur les motifs Selon une...

Actualités

Haïti : entre violence des gangs et quête de stabilité politique, le défi du Conseil présidentiel de transition installé ce jeudi 25 avril 2024...