Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

INIFÒS kritike komisè gouvènman Pòtoprens lan ki mete manda dèyè Paul Denis

INIFÒS kritike komisè gouvènman Pòtoprens lan ki mete manda dèyè Paul Denis

Estrikti INIFÒS kritike mèt Bed-Ford Claude ki lage manda dèyè Paul Denis pou koze dosye asasina Jovenel Moïse la.

Estrikti politik INIFÒS anndan yon nòt ki pote siyati Jean Ardouin Louis Charles ki se sekretè jeneral, fè konnen li kondane konpòtman komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Bed-Ford Claude. Pou Estrikti a se mannèv, menas, presyon ak entimidasyon komisè gouvènman an vle fè sou kowòdonatè jeneral pati a ki se Paul Denis.

Pi lwen anndan nòt sa, INIFÒS di l sezi wè kouman komisè a ap aji nan do lalwa. Estrikti a refere l ak atik 30 kòd enstriksyon kriminèl la ki fikse konpetans komisè a nan ka flagrans.

Estrikti politik la kontinye pou l kesyone rezon ki fè komisè Bed-Ford Claude pa tande moun ki sispèk yo, moun ki nan antouraj imedya ansyen prezidan an, poukisa se Paul Denis yon lidè konsekan li vle atake, selon sa nòt la ekri.

Nòt la fini pou remèsye tout gwoupman politik, pati politik ak sitwayen li di ki kwè nan entegrite lidè pati a epi ki solidarize avè l kont zak abitrè Estrikti a estime komisè gouvènman an ap fè.

INIFÒS kritike komisè gouvènman Pòtoprens lan ki mete manda dèyè Paul Denis

En savoir plus:

Rèv Memphis Depay ak Aguero pou te jwe ak Messi nan Barcelone p ap posib

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Justice

“Seule la création d’un tribunal spécial ou d’une chambre spéciale peut favoriser la réalisation d’un vrai procès autour du dossier de l’assassinat de Jovenel...

Éphéméride

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 5 juillet 2021. 5 juillet 2021: Ariel Henry est...

Actualités

L’enquête sur l’assassinat de Jovenel Moïse au menu d’une rencontre entre Martine Moïse et Luis Almagro. L’ex-Première dame, Martine Moïse, a rencontré ce mercredi...

Actualités

Rodolphe Jaar qui avait plaidé coupable devant un procureur américain d’avoir fourni un support matériel et des ressources pour l’assassinat de Jovenel Moïse allant...