24 mil tifi ki gen ant10 a 14 an marye soti mas pou desanm 2020 nan peyi Iran.
Radyo Frans Entènasyonal (RFI) anndan yon atik li soti jodi mèkredi 28 jiyè a, rapòte ke nan peyi Iran chif yo bay gen 24 mil ti jèn fi ki gen ant 10 rive 14 lane arive marye nan peryòd mas pou bout desanm 2020.
Chif sa ogmante de 12% parapò ak chif lane 2019 yo nan menm peryòd la, selon RFI. Pandan tan sa tou 36 mil ti jèn fi marye tou nan menm peryòd la.
Selon lwa nan peyi Iran, fòk gen otorizasyon papa a ak desizyon yon tribinal pou bay mo yo sou maryaj ti fi ki gen pou pi piti 13 an.
Atik sa rapousib pou di selon kèk ekspè se povrete ak sitiyasyon ekonomik ki lakoz maryaj rapid sa yo fèt nan peyi Iran. Enflasyon nan peyi sa depase 50% epi nan rejyon ki lwen yo epi pòv yo, sitwayen yo pa gen ase lajan pou viv, ki ta pratikman vle di pitit fi yo tounen komès.
Gen lòt eksplikasyon ki ta fè kwè tou ke gouvènman iranyen an bay èd ekonomik ak jèn marye, sa ki ta pwoveke tout maryaj sa yo sitou nan rejyon ki pòv anpil yo.

Crédit photo: AFP/ Atta Kenare
Dekouvri plis:
Retrait du décret créant l’ANI, Renald Luberice exprime son désaccord avec Ariel Henry