Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Island vini premye peyi an Ewòp ki gen plis fanm ke gason nan palman an

Island vini premye peyi an Ewòp ki gen plis fanm ke gason nan palman an
Getting your Trinity Audio player ready...

‏Island vini premye peyi sou kontinan ewopeyen an ki gen plis fanm ke gason nan palman an.

Aprè rezilta ki fin bay jodi dimanch 26 septanm lan, Island vini premye peyi an Ewòp pou n pa di nan mond lan ki gen plis fanm k ap syeje nan palman an. Aprè rezilta, fanm yo okipe 33 plas sou 63 posib, sa ki bay yon pousantaj 52,3%.

Selon sit France 24, li fè konnen okenn peyi an Ewòp poko franchi ba 50% an. Peyi ki te an tèt se Syèd ki te gen 47% fanm depite, selon chif bank mondyal.

Pati ki ranpòte lamayòl la se Pati “Progrès” ki genyen 13 syèj sou 33 sa fanm yo okipe a. 

Island se yon peyi ki gen anviwon 370 mil abitan, se yon peyi ki toujou ap lite pou kesyon egalite fanm ak gason. Nan sak gen pou wè sou koze egalite fanm ak gason, peyi sa gen 12 lane youn kole ak lòt li okipe premye plas fowòm ekonomik mondyal la.

Island vini premye peyi an Ewòp ki gen plis fanm ke gason nan palman an

Dekouvri plis:

Rentrée des classes: Martissant, Bas de Delmas et Cité Soleil jetés aux oubliettes, le CARDH s’insurge

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu