Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Jean-Doloreste Lajoie, jèn medsen ki retire “sansi” anndan vajen yon pasyant 85 lane ap bay detay

Jean-Doloreste Lajoie, jèn medsen ki retire "sansi" anndan vajen yon pasyant 85 lane ap bay detay

Jean-Doloreste Lajoie, medsen espesyalis nan obstetrik ak jinekoloji ki retire “sansi” nan vajen yon granmoun 85 lane aprè yon operasyon ap bay detay.

Medsen espesyalis nan obstetrik ak jinekoloji Jean-Doloreste Lajoie ki gen 34 lane fè yon estraksyon nan yon klinik espesyalize nan Latibonit, sou yon pasyant 85 lane ki te gen yon sansi ki rantre nan vajen li. Espesyalis la nan pale l ak Juno7 te pwofite prezante kiyès li ye, kijan ekstraksyon sa te mennen epi bay yon pakèt lòt detay.

Juno7: Fè yon ti pale nou de Jean-Doloreste Lajoie, nan ki branch l ap evolye nan medsin lan?

Jean-Doloreste: Mwen se Jean-Doloreste Lajoie, medsen, espesyalis nan obstetrik ak jinekoloji. Mwen gen klinik nan Pòtoprens men mwen travay nan Latibonit. Metye Mwen se swaye fanm ki ansent ak sa yo ki gen pwoblèm nan pati entim yo. Mwen etidye nan fakilte medsin ak famasi nan inivèsite Leta an Ayiti epi mwen pran fòmasyon kòm espesyalis nan sèvis obstetrik ak jinekoloji nan lopital inivèsite Leta Dayiti. Mwen se moun Sid, mwen fèt nan zòn Kamilat nan twazyèm seksyon Laboni, nan komin Chadonyè epi mwen leve nan vil Pòtapiman. Mwen gen 34 lane. E Mwen ta renmen fè yon Sou espesyalite nan onkoloji jinekolojik paske nou gen anpil fanm ki gen pwoblèm kansè jinekolojik kap mouri pa mank espesyalis nan domèn sa. 

Juno7: Nan yon piblikasyon ou te fè sou paj Facebook ou, ou enfòme entènot yo jan ou retire yon sansi nan vajen yon granmoun 85 lane. Byen avan ekstraksyon sa, ki siy dam sa te prezante ki montre li pa t anfòm?

Jean-Doloreste: Pasyant lan te prezante yon sèl siy ki se te San ki t ap pase nan bouboun li. Nan rechèch mwen fè, mwen jwenn  nan plizyè piblikasyon syantifik ke mòde sansi pa bay doulè oubyen bay yon ti doulè tou piti tankou se lè yon marengwen ta pike w. Nan saliv sansi a gen yon analjezik ki fè moun yo pa santi mòsi fò ditou.*Juno7: Konbyen tan ou te pran pou fè estraksyon an?

Jean-Doloreste: Sa depan de teknik yon pratisyen itilize. Gen pwofesyonèl ki konn itilize yon sewòm ke yo rele nan lang fransè “normale saline”. Kontak sewòm ak sansi a ka fè li lage  kote l mòde malad la men sa pa toujou mache. Oubyen yo konn enjekte yon anestezi nan kò sansi a, sa ki ap paralize l men yo ka itilize kèk pens chirijikal. nan ka pa m nan, mwen te itilize yon pens ke yo rele pens an kè. Mwen te rive dekole l nan twa minit paske se premye fwa mwen fè fas ak li. Mwen te ezite sou jès la, kò l yon Jan elastik anba pens lan, mwen pa t vle li pete e li te yon jan byen tache nan tou de pwent li. Mwen te oblije pridan. 

Juno7: Aprè estraksyon an, èske ou jwenn sansi a tou mouri oubyen li te toujou vivan epi konbyen èd tan oubyen jou pasyant sa revele li te santi malèz yo?

Jean-Doloreste: Aprè estraksyon an, sansi a te vivan epi li te sanble trè anfòm. Li te sèlman wè san nan vajen li epi nan 2 èd tan yo te gentan vin lopital. Li te al benyen nan aprèmidi nan yon dlo men se nan demen maten li kòmanse wè san.

Juno7: Nan ka kontrè dam sa pa t wè medsen a tan ki sa ki te ka rive

Jean-Doloreste: Gen plizyè ka ki pibliye ki montre nan plizyè peyi tankou Iran, Bangladesh, Éthiopie  ke pi souvan si malad yo ki pa al lopital ou byen ki ale  trè ta ka devlope yon anemi. Gen ka konsa ki te rive nan peyi Iran ki te rapòte pa Revista da Sociedade Brasileira de Medicina Tropical, ki se yon revi entènasyonal nan koze medsin twopikal  ak  Journal of Pediatric and Adolescent Gynecology nan peyi Iran, tou 2 te piblye nan ane 2019. Menm si li pi ra, konn gen sirenfeksyon  sa vle di jèm mikwòb ka enfekte plè mòsi sansi a sitou si l mòde kò moun nan plizyè kote oubyen si se plizyè sansi ki ta mòde moun lan.

Jean-Doloreste Lajoie, jèn medsen ki retire "sansi" anndan vajen yon pasyant 85 lane ap bay detay

Juno7: Eksplike nou kisa ki “Huridine lan”?

Jean-Doloreste: Iridin lan se yon sibstans ke yo retwouve nan saliv sansi a. Li gen kapasite pou l anpeche san fè kayo, li ka anpeche kèk kote nan kò a anfle. Sansi a fè ant 1 è a 2 èd tan ap bwè pandan repa l, aprè l ap kite kote l t ap bwè a.

Kòm li lage iridin nan blese a, sa vin rann san pa vle kanpe. Moun nan pèdi san paske sansi ap bwè men tou paske blese a ap kontinye senyen.

Fòm di nou tou yo konn itilize li pou fè remèd sesi depi lantikite e nan plizyè peyi tankou Chin, End, Ejip. Jodia ankò gen plizyè peyi yo itilize pou fè moun oubyen bèt senyen pou yo ka geri. Ayiti fè pati de peyi sa yo. Se yon pratik nan medsin tradisyonèl la yo fè pandan y ap kontwole tan. Lè se bèt la ki rantre san w pa konnen moun nan plis ekspoze pou l senyen epi bèt la ap jis rantre kote l jwenn e fè tout dega kapasite l pèmèt li.

Juno7: Ki pati ki plis ekspoze nan kò moun sansi ka rantre epi ale kache?

Jean-Doloreste: Selon yon etid ki te fèt nan peyi Bangladesh epi piblye nan yon jounal syantifik ki pote non world journal surgery Nan lane 2012 sou eksperyans ki te fèt nan lopital Chattagram Maa-O-shishu, yo jwenn gen viktim ke  pou sansi a rantre nan kò l, li pase nan irèt moun nan sa nou ta rele tou pipi a, nan twou dèyè moun, nan twou nen, nan zòrèy. Se sa k fè yo konn jwenn li nan blad pipi moun, moun sa yo konn ap pise san. Lè se nan tou nen moun nan, san konn ap soti ladan l epi moun sa yo konn pa ka respire. Pou moun li rantre nan twou dèyè yo, san konn ap koule nan dèyè moun sila. Yo menm jwenn sansi nan pati nan kò moun kote yo pa jwenn esplikasyon sou ki kote l pase pou l rive la. Genyen nan ka sa yo, se operasyon chirijikal  yo te rive  fè pou yo. Etid la siyale ke timoun yo plis viktim ke lòt moun yo.

Juno7: Èske se premye ka ou jwenn konsa oubyen ou konn jwenn ka ki similè oubyen ki pi konplèks?

Jean-Doloreste: Se premye ka konsa mwen jwenn, epi mwen pa konn tande yo pale de ka konsa nan espas medikal ayisyen an. Se yon ka ki ra nan peyi nou.

Wi mwen fè anpil ka ki lontan pi konplike ke sa  tankou retire fibròm, retire matris, opere fanm ki ansent deyò matris  ak anpil lòt bagay ankò.

Juno7: Si w ta gen yon mesaj kisa l t ap ye?

Jean-Doloreste:  Moun ki abite bò letan ak tout dlo ki pa kouri yo dwe pi vijilan paske sansi a se yon anfibyen li viv nan dlo men li ka soti kite dlo a pou l nouri l nan zòn marekaj yo. Li bwè San moun ak lòt bèt ki nan anviwònman li. E n ap mande ak chak moun ki al benyen nan yon dlo ki pa kouri, enfòme byen si li pa gen sansi ladan l. Si nou gen youn nan siy sa yo mwen te pale pandan entèvyou a aprè nou te benyen nan yon dlo ki gen sansi pa bliye di doktè nou sa. Pa kite timoun yo al benyen nan dlo nan zòn ki gen Sansi. 

Epi mwen panse  medsen yo ap sonje ka sa epi sa ap pèmèt yo ajoute yon ipotèz dyagnostik anplis.

Dekouvri plis:

Le SIMAST, un outil gouvernemental pour aider les ménages vulnérables

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu