Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon jèn ayisyen ekri yon Koleksyon liv kreyòl pou fasilite etranje ak moun ki gen orijin ayisyen pale lang lan

Yon jèn ayisyen ekri yon Koleksyon liv kreyòl pou fasilite etranje ak moun ki gen orijin ayisyen pale lang lan
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon jèn ayisyen ekri yon Koleksyon liv kreyòl 4 nivo pou fasilite etranje ak ayisyen ki fèt nan lòt peyi aprann lang kreyòl.

Lot Kenson Jn Dimanche, yon jèn ayisyen k ap viv an Repiblik dominikèn, se otè yon Koleksyon liv kreyòl 4 nivo. Daprè sa l eksplike ak Juno7, ide liv sa se pou fasilite ayisyen ki fèt nan lòt peyi aprann lang lan epi pèmèt etranje kapab pale lang kreyòl la tou. Nan kad yon enntèvyou li te bay ak redaksyon jounal la, li te bay tout detay sou liv sa.

Nan eksplikasyon li yo, Lot Kenson Jn Dimanche fè konnen se pwojè pa l ak yon zanmi l ki rele Guercin Engy Wolff. Jèn otè a travay sou 95% anndan liv sa.

“Enspirasyon an vini dabò pa yon kwayans patriyotik ki se : “yon jou ayiti gen pou l chanje, jou sa a anpil etranje pral gen anvi pale lang nou tou, swa pou vin vizite oswa pou vin travay” sa k vin ranfòse enspirasyon an, se lè mwen vini emigre Dominikani, mwen kontaste anpil ayisyen fèt Dominikani men se yon sitwayen dominiken nan kò ayisyen, paske kiltirèlman timoun sa yo pa konn anyen de ayiti, mwen panse lang lan se pi gwo baryè ki lakoz sa”, se sa yo mesye Kenson te avanse pou eksplike kote pwojè a soti.

Nan detay li te bay yo,

“Kolesksyon an divize an 4 nivo, chak nivo gen 8 chapit, chak chapit divize pa diferan leson tankou, Vokabilè, Gramè, Konpreyansyon oral, egzèsis, lekti, enfòmasyon kiltirèl, istorik, gastwonomik. Chak nivo tou vini ak kaye egzèsis yo, sa vle di, nan do liv la gen yon pati kaye kote chak lè yon moun fini yon chapit li kap pratike sa li te aprann nan chapit la ak kèk egzèsis la.”

Nan lide pou fasilite moun yo pale ak konprann lang lan pi byen, Lot Kenson Jn Dimanche fè konnen

“li prepare yon kou pou chak liv, kote lè moun nan gen liv la nan men li, li kapab suiv kou a sou platfòm aprantisaj an liy yo. Mwen gentan gen kou premye nivo a ki disponib sou amazon.”

Premye nivo a te soti an 2023, dezyèm nivo a te soti mwa pase a. Pwochen nivo yo an preparasyon kote y ap korije.

“liv sa yo disponib sèlman sou Amazon, koz Amazon pran an chaj pou l enprime l chak lè yon moun kòmande l”, se sa jèn otè ayisyen an souliye.

Lot Kenson Jn Dimanche fè konnen jiska prezan feedbak la pozistif. “sof ke mwen santi anpil moun poko Rekonèt ase travay m ap fè pou lang Kreyòl la. Depi 2019. Mwen pran 4 lane pou m prepare liv sa yo”, se sa l ajoute pandan l fini pou l di: “An n bay lang Kreyòl la jarèt”. Ki se slogan pa l.f

Pou plis detay, yon moun ki enterese ka vizite paj enstiti kreyòl ayisyen nan lyen sa pou dekouvri travay yo: Instagram

https://www.instagram.com/enstiti_kreyol_ayisyen?igsh=d2pyaHFzMTN2ZjQz

 

Yon jèn ayisyen ekri yon Koleksyon liv kreyòl pou fasilite etranje ak moun ki gen orijin ayisyen pale lang lan

À lire aussi :

Les États Unis offrent des armes et munitions à la PNH pour la première fois

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu