Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Pou John Colem Morvan, premye rekòt lavi “Bat Bravo pou Lajenès” se yon lane konba ak rezistans

Pou John Colem Morvan, premye rekòt lavi "Bat Bravo pou Lajenès" se yon lane konba ak rezistans

Dimanch 13 jen sa make yon lane emisyon sosyopolitik Bat Bravo Pou Lajenès ki pase sou rezo sosyal yo, sitou sou paj Facebook emisyon an.

Emisyon sa anime pa sitwayen John Colem Morvan depi nan peyi Kanada . John Colem Morvan gen ak li tou James Ocené epi John Wesley Delva ki fè emisyon “Retrouvay” chak dimanch 5 è kote animatè emisyon sa yo fè pwopozisyon sou jan sosyete a dwe mache. Nan ti pale ak Juno7, Morvan fè konnen ak redaksyon an fèt emisyon an make yon lane konba ak rezistans malgre tout difikilte yo jwenn sou wout yo.

Li pa fasil pou yon moun ki renmen emisyon politik, ki bwase rezo a anpil, ki nan tout deba pa tonbe menm yon fwa sou dirèk John Colem Morvan ap fè sou paj Bat Bravo pou lajenès kote l ap kritike, revele kèk bagay, fè entènot yo eseye konprann. Show sa pa gen plis ke yon lane li vrèman popilè sou rezo sosyal yo.

John Colem Morvan vin ak emisyon sa paske selon sa l di li te twouve li enpòtan pou gen yon lòt pawòl sou rezo a. Yon pawòl lib, endepandan ki charye revandikasyon mas yo, selon deklarasyon l yo.

Pi lwen, John Colem Morvan ki angaje l nan batay pou byennèt popilasyon an konsyan objektif konba a poko atenn paske li estime zèfèyis yo toujou ap taye banda sou bout sòl papa Desalin lan. Dwòg dilè toujou gen lapawòl, koriptè toujou ap pyafe nan enstitisyon Leta yo, fas ak sa yo, li rete kwè objektif la poko atenn. Toutfwa li rete kwè gras ak emisyon sa li rive deranje somèy moun sa yo, yo pa fouti dòmi trankil aprè show a.

Chak aprè emisyon an, anpil felisitasyon melanje ak kòmantè negatif tou vini kont John Colem Morvan. Mesaj sa yo pa soti lòt kote ke bò kote entènot yo. John Colem Morvan fè konnen li ak ekip li aprann anpil yon lane sa. Li konnen li pa pafè se pou tèt sa li raple ke l pran anpil konsèy nan men moun k ap tande l yo ak lòt moun ki anndan sosyete a.

Pakont, sitwayen angaje a raple yon lòt fwa ke objektif la pa chanje, li p ap chanje malgre mesaj moun yo toutotan chodyè a pa chavire.

Nan sa ki gen pou wè ak feedback, John Colem Morvan fè konnen li trè pozitif epi pwofite anonse gen lòt lide ki gen pou vini kòm pwojè aprè premye anivèsè emisyon an . John Colem Morvan san bay twòp detay enfòme li ap ekri yon liv tou.

Sou kesyon moun ki konn kritike John Colem Morvan ki ap bay fo enfòmasyon, fè flay, oubyen kreye zen, konsène a te reponn jounal la konsa pou pote yon eklèsisman sou sa: “Nan domèn enfòmasyon sa ka rive gen yon maj erè nan tretman enfòmasyon yo. Men garanti nou ka bay, nou pa fè zen ni tripotay. Si nou di yon bagay se konviksyon ki gide nou epi nou toujou prè pou rektifye sa n di lè se nesesè. Bat Bravo pa rayi pèsòn moun nan peyi a men l renmen Ayiti. Kòm gen anpil moun ki rayi Ayiti yo tou rayi Bat Bravo”.

Avan li te fèmen ti bat bouch sa, John Colem Morvan rete kwè klas politik ki la li pa wè klè ladan l, se yon klas politik ki merite chanje. Pou sa fèt, li estime travay la se chache move grenn yo pami bon yo epi ankouraje bon yo enplike yo plis nan politik.

Li te fini pou remèsye fanatik li yo epi envite yo toujou fè l konfyans, sipòte radyo a pou emisyon an toujou fèt epi konseye yo toujou kontinye pale pawòl chanjman yo.

Pou John Colem Morvan, premye rekòt lavi "Bat Bravo pou Lajenès" se yon lane konba ak rezistans

Dekouvri plis:

Remix rabòday “Ti sesi, Ti sela” pral soti ak tout videyo, atis etranje Rotimi feat ladann

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Bat Bravo pou Lajenès fait un don de 20 mille dollars à l’hôpital CARAMED aux Cayes. A l’initiative de John Colem Morvan, le groupe...

Annonces

Juno7 publie ci-après un texte signé John Morvan Colem qui présente ce mouvement ainsi que ses objectifs. La situation économique, politique et sociale du...