Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Remix rabòday “Ti sesi, Ti sela” pral soti ak tout videyo, atis etranje Rotimi feat ladann

Remix rabòday "Ti Sesi , Ti Sela" pral soti ak tout videyo, yon atis etranje featuring ladan l

Pa gen moun ki konn abitye fè pwogram, tande rabòday, renmen mizik an jeneral ki pa konn tande mizik ti sesi ti sela ke Afriken, Bmixx chante ki te soti jiyè ane pase.

Nan ti pale ak DJ Bmix enfòme nou ke mizik sa remix li ap gen pou soti ak tout videyo. Rotimi ki se yon ameriken dorijin nijeryàn ap feat sou remix sa.

Nan eksplikasyon Bmix yo, jèn DJ a bay detay sou feedback mizik lan ki te annik soti epi tou mennen pou kò l. Yon bagay ki pa manti si n raple n nan koze car wash depi dj woule mizik sa foul la reponn nan chante, danse, vole, bwase ren.

Ti sesi Ti sela te tèlman ap pran yon popilarite egzajere, anndan yon pakèt program mizik sa te toujou konn woule men malerezman Bmix ak afriken pa t janm konn afiche, sa ki te konn fè fanatik nèg yo fistre nan plenyen pou di mizik nèg yo ap pete plafon epi yo pa janm afiche.

Deklik la ta pral vini lè chantè Rotimi 28 desanm ane pase vin jwe Ayiti, nan Tara’s. DJ a te mande pwomotè l ki mizik k ap mache Ayiti, san ezite yo di l Ti sesi Ti sela, DJ a ta pral kraze pwogram lan ak mizik la sa ki te fè l tou byen pase jou swa sa. Epòk sa ni Bmixx ak Afriken an pa t nan afich yo.

Bmixx te kontinye pou l di se DJ Roger apre pwogram sa ki te ankouraje l ekri Rotimi pou mande l feat ak li. Li pa t fè retisan li te fè sa desanm ane pase kèk jou apre pwogram Tara’s la. Apre kèk mwa ap tann, fen mas sa ki sot pase a DJ a reponn pozitivman, toujou daprè sa Bmixx di.

Se la tou pwojè a vin pran fòm, remix lan vin nan wout ak tout videyo. Mizik sa ap gen pou soti premye semèn mwa jiyè sa selon sa Bmixx konfye ak redaksyon an, san pa fikse dat presi a.

Bmixx estime sipriz k ap gen sou remix sa se Rotimi ki ap chante sou yon beat rabòday nan diferan lang.

Jèn DJ ayisyen an ret konfyan ke remix sa pral mache pou vakans sa menm pou 2022 epi anonse yon lòt pwojè ki nan wout ak Afriken k ap gen tout videyo l ki sipoze soti avan ane sa fini.

Ti sesi Ti sela fantatik mizik mèt ret tann pou al rabòday kò yo pou vakans lan. Videyo remix mizik la choute nan Repiblik Dominikèn semèn ki sot pase a.

Remix rabòday "Ti Sesi , Ti Sela" pral soti ak tout videyo, yon atis etranje featuring ladan l

Dekouvri plis:

Jèn atis angaje Rebèl Pakamò te bay detay ak Juno7 sou “Konsè Lètouvèt” li gen pou l fè a

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Carnaval

Depuis sa création, le Rabòday a toujours été vu comme sexiste et machiste. Un style réservé aux dégénérés pour faire uniquement l’éloge du vulgaire....