Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Joseph Lambert ak Youri Latortue gen entèdiksyon pou antre Etazini akoz trafik dwòg epi koneksyon ak rezo kriminèl

Le Canada sanctionne le président du Sénat, Joseph Lambert et Youri Latortue pour leurs connexions avec des gangs

Joseph Lambert ak Youri Latortue gen entèdiksyon pou antre Etazini akoz yo nan trafik dwòg kolabore ak rezo kriminèl

Prezidan tyè Sena Repiblik la, Joseph Lambert, ak ansyen senatè Youri Latortue gen entèdiksyon antre Etazini. Administrasyon Biden di politisyen sa yo patisipe nan trafik dwòg epi yo gen koneksyon ak rezo kriminèl ak gang.

« Joseph Lambert ak Youri Latortue abize fonksyon ofisyèl yo pou fè trafik dwòg, yo kolabore ak rezo kriminèl epi gang pou kraze « État de droit » an Ayiti ». Se deklarasyon sou Sekretè deta depatman trezò ameriken an, Brian E. Nelson, fè nan yon kominike ki pibliye sou sit entènèt enstitisyon sila jodi vandredi 4 novanm nan.

Responsab ameriken an di Joseph Lambert gen 20 lane depi lap itilize ak pozisyon li pou dirije ak fasilite trafik kokayin soti Kolonbi pou vin Ayiti epi fasilite enpinite an Ayiti pou lòt trafikan dwòg. « Lambert te dirije lòt moun tou pou angaje yo nan vyolans sou non li. Trafik dwòg li, taktik koripsyon li yo, ak neglijans kontinyèl pou règ lalwa a te kontribye nan destabilizasyon kontinye Ayiti », nou li nan kominike sila.

« Menm jan ak Lambert, Latortue tou te gen anpil patisipasyon nan aktivite trafik dwòg. Latortue te angaje nan trafik kokayin soti nan Kolonbi an Ayiti e li te dirije lòt moun angaje yo nan vyolans sou non li », Brian E. Nelson rapouswiv nan kominike sila.

Kòm rezilta anons sa a , Depatman Trezò ameriken an anonse li bloke tout pwopriyete ak enterè nan pwopriyete Joseph Lambert ak Youri Latortue ki Etazini oswa ki nan posesyon oswa kontwòl ameriken yo epi rapòte sa bay OFAC, ki se antite ki la pou aplike sanksyon entènasyonal Etazini pran nan domèn finans. Anplis de sa, nenpòt antite ki posede, dirèkteman oswa endirèkteman, 50 pousan oswa plis pa youn oswa plis moun bloke yo tou bloke.

« Anplis de sa, moun ki angaje nan sèten tranzaksyon ak 2 palmantè sa yo ka ekspoze tèt yo a sanksyon oswa sijè a yon aksyon ranfòsman. Anplis de sa, sof si yon eksepsyon aplike, nenpòt enstitisyon finansye etranje ki fè espre fasilite yon tranzaksyon enpòtan oswa ki bay sèvis finansye enpòtan pou moun yo deziyen jodi a kapab sijè a sanksyon Etazini », kominike a presize.

Fòk nou presize, Sekretè Deta Antony Blinken te deja anonse administrasyon Biden mete pinga pou senatè depatman Sidès la antre Etazini. Li presize nan yon tweet Etazini ap kontinye pran mezi sila yo kont nenpòt moun ki patisipe nan enstabilite e ki kraze demokrasi a ann Ayiti.

Nouvèl sa vini nan menm moman ak anons gouvènman kanadyen an ki anonse li sanksyone Joseph Lambert ak Youri Latortue poutèt yo bay gang ann Ayiti sipò finansye ak soutyen operasyonèl ilegal. Kanada presize 2 pèsonalite politik sa yo pap kapab fè transaksyon lakay, sa ki gen pou efè jele tout byen yo posede nan peyi sa.

Le Canada sanctionne le président du Sénat, Joseph Lambert et Youri Latortue pour leurs connexions avec des gangs

Dekouvri plis:

Le Canada sanctionne le président du Sénat, Joseph Lambert et Youri Latortue pour leurs connexions avec des gangs

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

À l’occasion de la fête du bicolore, des festivités et débats sont organisés à travers le pays par le mouvement étudiant EDE Le samedi...

Sports

D’Haïti à une finale de Ligue des Champions féminine, Melchie Daëlle Dumornay revient sur son parcours Pour UEFA.com, l’attaquante haïtienne Melchie Daëlle Dumornay, surnommée...

Musique

Le label Apache World Music de T-Jo Zenny met en lumière Pablo et Melo sur la scène musicale avec l’album « Apachidiz Volume 1...

Actualités

L’UEH entreprend des démarches pour récupérer les rançons exigées par les grandes puissances dans le passé Le Recteur Fritz Deshommes invite le Conseil Présidentiel...