Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kanaval: Prezidan Jovenel Moïse reyaji sou sa k ap pase anndan vil Gonayiv

Kanaval: Prezidan Jovenel Moïse reyaji sou sa k ap pase anndan vil Gonayiv

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nan ti pale l yè swa ak popilasyon nan vil Pòdepè, nan okazyon kanaval nasyonal la, reyaji sou sa k ap pase depi kèk jou nan vil Gonayiv.

Chèf leta a ke opozisyon an ak plizyè sektè nan lavi nasyonal la deklare manda l bout depi 7 fevriye pase a, te pwofite pandan moman sa pou l kritike kraze brize ki genyen aktyèlman nan site lendepandans lan. Nan reyaksyon prezidan an, li montre li deplore aksyon sa yo epi ta fè resanti ak popilasyon an li konn ak kiyès menm l ap pale

“Yon ekipman ki pran 1 nan pou l konstwi ou boule l. Yon direktè depatmantal Latibonit k ap f on bon travay w ale kote l rete pandan l ap dòmi w al boule kote l rete a. Ou menm k ap gade m ou konn ak kiyès m ap pale, sispann boule, sispann kraze. Sispann boule lakay ou, sispann kraze lakay ou. Se pou w met men pou w konstwi lakay ou, pou w konstwi Gonayiv”, kritike chèf Leta a.

Pi lwen, Jovenel Moïse te pwofite devan moun ki te kanpe devan l yo vante travay li ap reyalize nan Gonayiv epi mande ak sektè li estime k ap kraze brize a pou mete men ak li pou ede twazyèm vil peyi a

“Pò nan Gonayiv la mete men avè m pou n konstwi pò a. M pran desizyon santral 12.6 megawat Gonayiv la pou m repare l, pou m mete l tou nèf. Met men avè m, sispann boule Gonayiv, sispann kraze Gonayiv. Moun Gonayiv mande m pou m di w paske w konnen ak kiyès m ap pale, li di w f on kanpe, bay Gonayiv yon chans pou l emansipe paske le génie n’a qu’un siècle, tan pa w la fin pase bay jèn yo tan pou yo rantre”.

Chèf leta a ki te lage prèske san rezèv nan kritike moun li kwè k ap boule epi kraze vil Gonayiv, te kontinye pou l mande anpil kouch nan vil sa leve vwa yo kont move zak sa yo, yon fason selon li pou travay ki te koumanse nan vil la kontinye

“Pwoblèm kraze brize sa fò l sispann nan Gonayiv. Fò sosyete sivil Gonayiv la, jenès Gonayiv la, majorite silansyez Gonayiv la leve vwa nou, leve vwa nou pou ke travay ki te kòmanse nan asfaltaj ak betonaj nan ri Gonayiv yo pou yo kontinye…”.

Chèf Leta a deklare avan l ale l ap kite yon bon pò nan Gonayiv

Si anpil sektè kwè ke manda Jovenel Moïse rive nan bout li sa gen 8 jou, prezidan repiblik la pa sispann vire won anndan peyi a epi kontinye ak pwomès li yo. Toujou nan lapawòl li t ap pran sou estann laprezidans nan vil Pòdepè, nimewo nasyon an deklare avan l kite pouvwa a l ap repare pò Gonayiv la

“M pran desizyon depi 3 mwa APN ap travay nan pò a, sa vle di y ap koupe tout vye bato k te la pou anvan m ale pou m kite yon pò pou Gonayiv. Menm jan bato ka sot Miami pou vin Senmak, pou bato ka vin Gonayiv tou”.

Chèf leta a ki pa t sere lang li nan pòch li yè samdi swa sa, mande ak popilasyon gonayivyèn lan pou bay katon wouj ak moun k ap kraze brize, ki pa vle chita pou djaloge

“M ap mande nou kenbe men ak mwen pou nou bay moun ki soti pou kraze vil Gonayiv yo katon wouj. Ba yo katon wouj si yo refize chita ansanm pou pèmèt nou konstwi peyi nou vle konstwi a”.

Jovenel Moïse voye yon avètisman bay moun li estime k ap kraze vil Gonayiv yo pou l raple yo antanke chèf Leta l ap fè moun sa yo poze yo si yo pa vle

“Kòm chèf deta, si w pa sispann m ap fè w sispann. Lè w pa vle, m pale avè w pou m di w kalme w m ap tape w sou men w pou w sispann”.

N ap souliye pou ou, moun vil Pòdepè te kouwone Prezidan an ak tout madanm lan yè swa Videyo kouwonman saepi foto Prezidan an ak tout premye dam lan ak kouwòn sou tèt yo ap sikile anpil sou entènèt la

Dekouvri plis:

L’OPC dénonce des mensonges de Schiller Louidor qu’il voit comme une intimidation

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Un homme d’affaires de la région de Tampa devrait plaider coupable dans le cadre du dossier de Jovenel Moïse. Selon le quotidien américain Miami...

Actualités

Auditionné par le juge Walther Wesser Voltaire dans le cadre du dossier de l’assassinat du président Jovenel Moïse, l’agent exécutif intérimaire de Jacmel, Macky...

Actualités

Assassinat du président Jovenel Moïse: l’ancien sénateur John Joël Joseph a plaidé coupable devant un tribunal fédéral des Etats-Unis L’ancien sénateur John Joël Joseph...

Éphéméride

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 23 juillet 2023. 23 juillet 2021 : célébration au...