Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Katastwòf natirèl: Relansman Komite tematik sou edikasyon ak sanbilizasyon popilasyon an

Katastwòf natirèl: Relansman Komite tematik sou edikasyon ak sanbilizasyon popilasyon an

Gouvènman peyi a remete kanpe Komite tematik pou edikasyon ak sanbilizasyon sou katastwòf natirèl ki egziste depi 2006.

Nan dat 26 janvye a, Ministè Edikasyon nasyonal ak ministè Enteryè mete kanpe ankò Komite tematik pou edikasyon ak sanbilizasyon popilasyon sou katastwòf natirèl, apre yon chita ant Minis Nesmy Manigat ak kolèg li Listz Quitel, nan ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo.

“Komite sa a gen pou misyon pou itilize tout mwayen ki apwopriye pou ede popilasyon an pi byen prepare pou reyaji fas ak katastwòf natirèl yo”, nou li nan yon nòt Biwo Kominikasyon MENP pataje ak redaksyon Juno7.

Dapre menm nòt sa, komite a deja dakò pou demare rapid vit ak yon premye jounen sansibilizasyon ak edikasyon sou menas yo : tranblemann tè, siklòn, inondasyon, deboulonnay tè, lanmè monte ak sounami. “Pandan jounen sansibilizasyon sa a, komite a ap gen pou mobilize brigadye ak volontè pwoteksyon sivil yo, ototorite lokal yo, ajan Kwa Wouj yo yon fason pou mesaj la kapab rive pi byen epi pi vit sou popilasyon an”, nòt la di. Men l ap gen pou repete aktivite sa a divès kote anndan peyi a, sitou kote menas tranbleman a, prensipalman, ta parèt pi fò.

Kreyasyon komite sekouris nan lekòl yo

Minis Nesmy Manigat fè konnen, imaj sou fason anpil elèv lekòl te reyaji pandan dènye sekous tè a te bay la, montre gen anpil travay ki pou fèt ak elèv, anseyan, men tou ak tout popilasyon an. “Anpil nan yo poko janm metrize ki jès, ki aksyon yo kapab poze pou pwoteje tèt yo epi moun ki ak yo nan moman tè a ta kòmanse tranble”, minis lan di.

Se pou sa li defann lide pou chak lekòl genyen yon gwoup sekouris. “Anpil fwa anpil moun pa ta mouri si sila ki te nan anviwonnman yo lè yo gen yon malèz te konnen ki sa pou yo fè pou ede yo”, responsab la di.

Kanpay la ta dwe demare anvan lontan

Daprè minis Listz Quitel kanpay sansibilizasyon sa a dwe demare rapid vit. “Se yon kanpay ki dwe chita sou tout aspè menas yo. Anplis, li dwe genyen yon dimansyon estratejik ki fasilite tout moun kapab konpran ki sa ki di, ki sa ki pou tèt nan tèl oubyen tèl sikonstans”, minis Quitel fè konnen.

Sou bò pa li, direktè jeneral Pwoteksyon Sivil la di li byen akeyi reyaktivasyon komite a. Menm si dapre li gen anpil travay ki pou fèt nan kad sanbilizasyon ak edikasyon popilasyon an. Doktè Jerry Chandler fè konnen enstitisyon lap dirije a gen bon jan materyèl sasibilizasyon li kapab miltipliye pou itilize nan kad kanpay sa a ki dwe fèt toutan paske menas yo toujou la.

Katastwòf natirèl: Relansman Komite tematik sou edikasyon ak sanbilizasyon popilasyon an

Dekouvri plis:

Le gouvernement d’Ariel Henry ne pourra pas rendre justice à Jovenel Moïse, estime Claude Joseph

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Nominations de directeurs généraux au sein du gouvernement de transition et d’un directeur de cabinet du CPT Dans le cadre de la transition politique...

Actualités

Bilan positif pour le déroulement des examens de la 9ème année fondamentale, selon les responsables du MENFP. La troisième et dernière journée des examens...

Actualités

La Banque interaméricaine de développement, la fondation Education Above All et le Partenariat mondial pour l’éducation s’unissent pour améliorer l’accès à une éducation de...

Éducation

Le Ministère de l’Éducation Nationale prêt à accueillir 186.370 candidats aux examens de la neuvième année fondamentale et d’autres programmes. Le ministère de l’Éducation...