Connect with us

Hi, what are you looking for?

Fashion

Katriyèm edisyon “Miss Ouest Haïti” lanse

Katriyèm edisyon "Miss Ouest Haïti" lanse
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Òganizatè Miss Ouest Haïti yo lanse katriyèm edisyon konkou sa jou ki te mèkredi 26 me a nan Vanessa Restaurant nan komin Taba an prezans kèk jounalis ak lòt sitwayen ki te reponn prezan.

Nan kad lansman sa, Noldy Chrisnol ki se responsab marketing ak kominikasyon konkou Miss lan te pwofite pataje ajenda “Miss Ouest Haïti “a kote enskripsyon te kòmanse mèkredi 26 me pase a pou bout 25 jwen k ap vini la. Aprè enskripsyon sa gen yon casting moun ki enskri yo ap gen pou pase dimanch 11 jiyè 2021. Se aprè casting sa òganizatè yo pral gade kiyès ki mye plase epi respektè kritè konkou a pou patisipe nan nouvèl edisyon sa, selon eksplikasyon Noldy.

Katriyèm edisyon "Miss Ouest Haïti" lanse

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Apre sa ap gen prezantasyon finalis yo, lansman konkou a k ap demare 18 jiyè epi final la pwograme pou dimanch 22 dawout pwochen.

Kritè yo pati konsa pou òganizatè yo kote fòk moun lan gen sèks feminen, gen 18 a 25 lane, rete nan depatman Lwès la, pou pi piti moun k ap patisipe a dwe ap fè filo. Pyès pou enskri yo se batistè oubyen ekstrè achiv, yon papye ki sètifye w ap fè filo, frè patisipasyon an se 2 mil goud kote enterese a ka enskri an liy oubyen depoze pyès li yo nan Vanessa Restaurant sou Taba a ki tou prè BNC a, toujou selon detay responsab marketing ak kominikasyon konkou sa.

Prim yo pa chanje si n vle kwè responsab yo kote kesyon prim yo ap gen lajan, vwayaj, fòmasyon ak lòt kado ki rezève pou moun k ap gen pou pran kouwòn” Miss Ouest Haïti ” pou 2021 an.

Dekouvri plis

L’UEH prend des dispositions pour faire face à la recrudescence des cas de COVID-19

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

La première édition du concours “Haitian Young Talent Awards 2023” a été l’occasion pour promouvoir les jeunes chanteurs, danseurs et slameurs. Generation 2000 Project...

Fashion

Rosy Paroline remporte la couronne de la cinquième édition du concours Miss’Ouest Haïti 2022. La grande finale de la cinquième édition du concours Miss’Ouest...

Littérature

L’Institut de Développement personnel, d’Entrepreneuriat et de Leadership (IDEL) lance son programme dénommé “Je représente ma commune”, à travers un concours de texte pour...

Actualités

Louinie Kenida Duverné à la conquête du concours Top Face Clegg 2020 Louinie Kenida Duverné, 26 ans , figure parmi ces jeunes filles passionnées...