Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kenya: 4 fidèl mouri grangou aprè yon pastè mande yo “jene” pou rankontre Jezi

Kenya: 4 fidèl mouri grangou aprè yon pastè mande yo "jene" pou rankontre Jezi

Kenya: 4 fidèl mouri grangou, 11 lòt lopital, aprè yon pastè mande yo jene pou rankontre Jezi.

Nan peyi Kenya, 4 fidèl arive mouri grangou aprè yon pastè ki rele Makenzie Nthenge k ap dirije legliz Good News International Church, mande yo jene pou yo kapab rankontre Jezi. Gen 11 lòt ki lopital ladan yo gen 3 ki nan yon eta grav, daprè sa lapolis nan peyi sa rapòte aprè yo te fè yon kout pye nan legliz sa ki sitiye l nan forè Shakahola ki nan vil Malindi. Enfòmasyon sa rapòte pa plizyè medya etranje, pami yo Le Figaro.

Daprè enfòmasyon yo, lapolis te resevwa apèl kèk sitwayen ki te siyale l gen moun ki se inyoran k ap mouri grangou sou pretèks y ap rankontre Jezi. Se rezon ki ta pral pouse polis ale nan espas la vandredi 14 avril la epi pote sekou ak fidèl tèt mare sa yo. Malerezman 4 ladan yo mouri, 11 lòt lopital pami yo gen 3 ki nan yon eta kritik. Daprè lapolis, 11 moun sa yo se 7 gason ak 4 fanm ki gen laj 17 a 49 lane.

“Lè polisye nou yo ale nan forè a yo jwenn 15 moun men malerezman 4 nan yo mouri. Lòt yo lopital”, se deklarasyon Charles Kamau ki se ofisye ki an chaj ankèt kriminèl nan zòn Malindi.

Enfòmasyon menm fè kwè gen yon twou ki ta fouye pou antere fidèl ki mouri men ekip polisye yo ki t ap mennen ankèt poko an mezi idantifye l. “Ekip la pa an mezi idantifye fòs komin lan paske teren an anpil epi abitan yo wondonmon nan forè a. Nou soupsonnen genyen plizyè viktim anba tè forè a ki parèt sispèk”, daprè sa rapò polis la endike.

Daprè jounal nan peyi lafrik pami yo Afrika Habari, pastè a arete epi twouve l nan gadavi.
Mwa pase a, yo te arete l aprè 2 timoun te mouri grangou sou je paran yo ki t ap gade yo. Pastè a te peye 100’000 shillings ki se lajan Kenya pou l te libere.

Kenya: 4 fidèl mouri grangou aprè yon pastè mande yo "jene" pou rankontre Jezi

Dekouvri plis:

American Airlines va réduire ses vols sur Haïti : un aller simple vers Miami coûte jusqu’à 3400 dollars

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu