Maten madi 19 janvye 2021 an, anpil sitwayen bloke wout Kanapevè a nan zòn plas piblik la pou egzije liberasyon Joana Dorcéus moun avèk zam te rive kidnape dimanch pase a.
Anpil moun anndan popilasyon an bloke lari a ak kawotchou, barikad , genyen nan yo ki chita sou makadam lan ak pankat nan men pou mande liberasyon jèn dam sa kidnapè yo ta mande 150 mil dola vèt pou libere l.
Mobilizasyon sa ap fèt tou prè plas piblik Kanapevè a nan zòn sou komisaya polis la , gen prezans inite espesyalize nan lapolis sou plas k ap bay sekirite pou evite derapaj.
N ap raple w jodiya genyen yon sitin ki pwograme devan rezidans ofisyèl premye minis lan nan Miso, zòn Boudon pou di non ak tout fòm ensekirite anndan peyi a.
Dekouvri plis:
L’ONU dresse le bilan de violations des droits humains en Haïti entre 2018 et 2019
Articles similaires
Mwen se Dimitry Charles, jounalis redaktè anndan Juno7, mwen etidye kominikasyon ak jounalis, mwen fè redaksyon pwojè tou. M ap kolabore anndan Juno7 paske m vle fè yon jounalis itil
