Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kidnapin sou yon famasyèn: Asosiyasyon Famasyen Dayiti egzije liberasyon l epi kondane monte ensekirite a

Kidnapin sou yon famasyèn: Asosiyasyon Famasyen Dayiti egzije liberasyon l epi kondane monte ensekirite a

Kidnapin: Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati konsèy administrasyon Asosiyasyon Famasyen Dayiti yo, estrikti sa di l kondane avèk fòs monte ensekirite anndan peyi a ki mete an danje lavi tout moun anndan sosyete a epi deplore atak kidnapin ki fèt sou yon konsè famasyèn yo.

Pi lwen anndan nòt sa, asosiyasyon an raple koze ensekirite sa k ap vale teren an deja fè anpil viktim nan milye sektè sanitè a. Nòt la souliye pou enfòme kidnapin ki fèt wikenn pase a sou Marie Josette Malvoisin ki se yon famasyèn epi manb asosiyasyon tou pandan li se pwofesè nan fakilte medsin ak famasi anndan inivèsite Leta a, daprè sa nòt la ekri.

Toujou selon nòt la, Madam Malvoisin kidnape pandan li te sou wout li ap sot fè kou anndan fakilte a.

Nòt la fè konnen famasyèn sa gen plis pase 30 an karyè nan koze ansèyman epi raple ak ravisè ke yo genyen kanmèm yon pwòch yo ki te pran kou nan men madam lan oubyen benefisye sèvis ak swen famasetik.

Pou fini nòt sa, asosiyasyon an egzije liberasyon san kondisyon famasyèn lan epi mande ak otorite yo pou yo pran tout dispozisyon pou garanti sekirite vi ak byen moun anndan peyi a pou tout sitwayen kapab regle aktivite yo jan sa dwe ye.

N ap raple w dènye jou sa yo anpil anlèvman fèt anndan peyi a ki ta lèse moun kwè koze kidnapin lan refè sifas pou pi bèl malgre koze detente vit machin ansyen PM Jouthe te fè aplike, malgre konferans DG Léon Charles te bay mwa pase yo pou fè konnen lapolis pral met pye l atè pou kontrekare koze ensekirite a. Move zak sa yo pa sispann mete enkyetid epi ogmante estrès lakay popilasyon an ki sanse lage pou kont li nan batay la epi livre ak bandi k ap enpoze lwa yo chak jou pi plis nan repiblik la.

Dekouvri plis:

Le Rhum Barbancourt remporte trois médailles à la prestigieuse compétition de la San Francisco World Spirits

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Des individus armés ont pillé la Première Eglise Baptiste de Port-au-Prince. Les groupes armés continuent d’étendre leurs tentacules dans l’aire métropolitaine de Port-au-Prince. Ces...

Actualités

L’ambassade de France annonce la fermeture de ses services temporairement en raison de l’insécurité jusqu’au 24 mars 2024 Les ambassades évacuent leurs personnels diplomatiques...

Actualités

4 sous-stations de l’EDH dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ainsi que la Centrale de Varreux détruites et rendues totalement dysfonctionnelles par des individus...

Éditorial

Ce jeudi 29 février 2024, Port-au-Prince et plusieurs zones dans l’aire métropolitaine étaient en ébullition. Des tirs nourris ont été entendus à plusieurs endroits,...