Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Klima tansyon an ap pèsiste nan plizyè katye nan rejyon metwopolitèn lan

Klima tansyon an ap pèsiste nan plizyè katye nan rejyon metwopolitèn lan

Klima tansyon an toujou ap pèsiste nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn lan.

Sitiyasyon k ap devlope depi jedi 18 janvye 2024 a nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn lan ap kontinye. Nan avni John Brown, repòtè nou toujou remake kawotchou k ap boule sou wout la, sa ki bloke trafik la nèt. Menm sitiyasyon an sou Nazon, Klèsin, Dèlma 24, 32 ak 40B.

Nan Clercine, ki pa lwen baz Brigad Entèvansyon Motorize a, moun yo pa rive idantifye te voye gaz lakrimojèn, sa ki te kreye yon van panik nan zòn nan. Sou Boulva 15 oktòb la, yon sous konfime pou Juno7 ke moun te entimide komèsan yo nan fòse yo kite zòn nan. Sous nou an te konfime tou ke nan Klèsin 22, moun ki gen gwo zam te bloke trafik la.

Konsènan reyaksyon, yon sitwayen ki abite nan Solino konfime ke manm gwoup gang Bèlè a ki dirije pa Kempès Sanon kontinye atak kont zòn nan. « Si sitiyasyon an pa pi mal pou jounen jodi a, se gras a efò polisye yo ki abite nan zòn nan », li souliye pandan li kritike otorite gouvènman an plas yo ki pa di yon mo.

Yon lòt rezidan nou kontakte presize ke li abandone kay li depi Mèkredi 17 janvye nan aswè. « Mwen te reziste anpil men mwen gen yon fanmi sou responsablite mwen e mwen dwe pwoteje manm yo nan fanmi sa a » se sa li te deklare ak anpil tristès. Li enfòme ke malfra yo tou mete dife nan kay li a Jedi nan maten an. « Yo boule senk ane efò mwen. »

Fòk nou note ke pandan n ap ekri atik sa a, gwo kout zam te kontinye ap chante nan Solino, Dèlma 24, 22, Kafou Péan. Devan sitiyasyon tansyon sa a, sitwayen yo te oblije pran refij pa lwen kote yo te jwenn kadav Evelyne Sincère sou wout Nazon an.

Klima tansyon an ap pèsiste nan plizyè katye nan rejyon metwopolitèn lan

Dekouvri plis:

Un “lock-down” se dessine au centre-ville de Port-au-Prince

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Donald Trump envisage d’alléger les droits de douane sur la Chine pour faciliter la vente de TikTok par ByteDance Le président américain Donald Trump...

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 27 Mars 2025 est de 130,65 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...

Sports

Un but, une passe décisive et une prestation de haut vol pour Melchie Dumornay face au Bayern Munich L’Olympique Lyonnais a validé son billet...

Monde

Trump durcit les règles migratoires: suspension temporaire du traitement de certaines demandes de carte verte L’administration Trump a décidé de suspendre temporairement le traitement...