Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Komemorasyon lanmò Jovenel Moïse: fanmi ansyen prezidan an boude envitasyon gouvènman an

Komemorasyon lanmò Jovenel Moïse fanmi ansyen prezidan an boude envitasyon gouvènman an

Komemarasyon lanmò Jovenel Moïse: Martine Moïse anonse fanmi prezidan an pa gen okenn entansyon patisipe nan okenn aktivite Leta Ayisyen ap fè

7 jiyè k ap vini la ap fè yon lane depi prezidan Jovenel Moïse te mouri asasinen anndan lakay li nan Pèleren 5. Nan sans sa, Primati nan yon kominike enfòme fanmi ansyen prezidan an li envite l nan aktivite komemoratif k ap fèt nan Jaden MUPANAH nan okazyon premye anivèsè lanmò a. Martine Moïse sou bò pa l anndan yon nòt fè konnen fanmi mari l pa gen okenn entansyon patisipe nan okenn aktivite Leta Ayisyen ap fè pou make memwa prezidan asasinen an.

Anndan nòt sa ki disponib sou kout Twitter Martine Moïse, li fè konnen rezon ki pouse yo boude envitasyon sa se paske Leta sa gen nan tèt li yon chèf gouvènman li di ki gen dout sou li nan koze asasina prezidan an, si n entèprete nòt sa.

Nan sans sa, nòt la di olye fanmi an fè aktivite pou komemore dat sila, «li envite chak grenn moun ki afekte pa lanmò sa pou mete men nan batay la yon fason pou fè lajistis blayi kont tout moun ki patisipe nan krim sa epi kapote sistèm lan».

Madanm lan kritike tou ankèt jidisyè a li estime k ap dòmi jiska jodia menm kan gen kèk arestasyon ki fèt sou teritwa a ak nan peyi blan epi nominasyon yon senkyèm jij enstriksyon pou ankete sou dosye asasina a.

Madanm ansyen prezidan Jovenel Moïse rete kwè li enpòtan pou aksan toujou mete sou enfòmasyon ki sòti nan ankèt jidisyè yo ki montre jan chèf gouvènman an Ariel Henry nan planifye konplo asasina sa epi te mare sosis li avèk youn nan prezime asasen yo. Madanm lan revele se pou rezon sa jou ki te 6 oktòb 2021 an li menm ak pitit li yo te depoze yon plent nan kabinè enstriksyon kont chèf gouvènman an ak lòt moun ki akize nan lanmò sila.

Pou konkli nòt sa, Martine Moïse fè rapèl sou inisyativ mari l te konn pran pandan l te nan tèt peyi a nan objektif pou asire byennèt pitit peyi a ak devlopman dirab peyi a. Pou sa li eksprime rekonesans anvè popilasyon an ki te toujou sonje sakrifis ansyen prezidan an.

N ap raple w 7 jiyè ap konje sou tout teritwa a. Desizyon sa te pran pa gouvènman Ariel Henry a yon fason pou komemore premye anivèsè lanmò Jovenel Moïse.

Komemorasyon lanmò Jovenel Moïse fanmi ansyen prezidan an boude envitasyon gouvènman an

Dekouvri plis:

Deux fusils, un pistolet et des matériels saisis lors d’une opération de la PNH à Tabarre 49

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Un homme d’affaires de la région de Tampa devrait plaider coupable dans le cadre du dossier de Jovenel Moïse. Selon le quotidien américain Miami...

Actualités

Le juge Al Duniel Dimanche rectifie et a ordonné le dégel des comptes bancaires de l’ex-Première Dame Martine Moïse. Contacté par Juno7 ce vendredi...

Actualités

Le juge Al Duniel Dimanche ordonne le gel des comptes bancaires des inculpés dont l’ex-Première Dame Martine Moïse.   L’ex-Première Dame de la République,...

Actualités

Auditionné par le juge Walther Wesser Voltaire dans le cadre du dossier de l’assassinat du président Jovenel Moïse, l’agent exécutif intérimaire de Jacmel, Macky...