Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite

Konsèy Prezidansyèl la bay popilasyon an garanti bandi yo pra l sispann fè lalwa nan peyi a

Konsèy Prezidansyèl la bay popilasyon an garanti bandi yo pra l sispann fè lalwa nan peyi a
Getting your Trinity Audio player ready...

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an bay popilasyon an garanti nan yon ti tan ki pa twò long, bandi yo pra l sispann fè lalwa nan peyi a.

Nan yon nòt ki pote siyati Edgard Leblanc Fils, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an bay popilasyon an garanti nan yon tan ki pa twò long bandi yo pra l sispann fè lalwa sou kò yo, nan kay yo, nan katye yo, nan vil yo ak nan peyi a. Nan nòt sila a Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fè konnen se ak anpil endiyasyon li aprann samdi ki te 11 me a, bandi ak zam te rive rantre nan komisarya Gresye a ak lakay youn nan responsab lapolis yo epi fè vyolans, kote te gen plizyè sitwayen nan popilasyon sivil la ki te rive viktim.

“Zak sa a temwaye yon lòt fwa ankò, pi gwo ijans ki genyen la a se derasinen banditis la nan peyi a, kidonk sekirite. Sitwayen yo paka tann ankò. Se responsablite pa nou nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou nou garanti sekirite chak moun k ap viv anndan peyi a” se sa nou ka li nan nòt la.

Pi lwen, Konsèy la fè konnen imedyatman li te enfòme sou zak bandi ak zam yo nan Gresye, li te pale ak otorite responsab yo epi pase enstriksyon bay chèf Lapolis la pou pran kontwòl sitiyasyon an epi pran tout mezi prese prese pou zak sa yo pa rive okenn kote ankò nan peyi a. Nan sans sa a, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pwofite voye fòs bay tout polisye yo ki rete atache ak prensip lapolis la malgre sitiyasyon difisil yo.

Konsèy la kontinye pou voye senpati bay tout moun ki viktim anba kriminèl san fwa ni lwa yo nan Gresye ak nan tout lòt kote nan peyi a. Pandan l remèsye popilasyon an pou matirite li montre li genyen nan rete tennfas anfas kriminèl yo, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fè manm popilasyon an konnen li la pou bay repons ak atak gwoupa gang yo pandan l raple bandi yo pa gen lòt opsyon, ki se depoze zam epi rann tèt yo bay lajistis.

Konsèy Prezidansyèl la bay popilasyon an garanti bandi yo pra l sispann fè lalwa nan peyi a

À lire aussi :

Le Collectif des partis du 30 janvier s’oppose à la Présidence tournante du CPT

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite

Getting your Trinity Audio player ready... Platfòm Politik RED denonse konsèy minis lan ki derefize pibliye Arete ki dwe nome moun ki fè pati...