Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite

Platfòm Politik RED denonse konsèy minis lan ki derefize pibliye Arete ki dwe nome konsèy prezidansyèl la

Platfòm Politik RED denonse konsèy minis lan ki derefize pibliye Arete ki dwe nome konsèy prezidansyèl la
Getting your Trinity Audio player ready...

Platfòm Politik RED denonse konsèy minis lan ki derefize pibliye Arete ki dwe nome moun ki fè pati konsèy prezidansyèl la.

Nan yon kominike ki pote siyati Jonas Coffy ak Patrick Norzeus, Platfòm Politik Rezistans Demokratik (RED) di l sezi lè l aprann konsèy minis lan, sou pretèks li pa gen pwovizyon legal pou sa, derefize pibliye dekrè ki gen pou wè ak kreyasyon, òganizasyon ak fonksyonman Konsèy prezidansyèl la, epi Arete ki dwe nome moun ki fè pati konsèy la.

Fas ak konpòtman sa a, Platfòm Politik RED di l oblije poze tèt li kesyon pou mande nan ki tèks legal konsèy minis lan ak Premye minis Ariel Henry te jwenn pou pibliye akò adwat agoch nan jounal ofisyèl Monitè; pou monte HCT deyò konstitisyon ak lalwa peyi a; pou nome 8 nouvo manm nan lakou kasasyon ak manm CSPJ ak pou nome moun pasi pala nan gwo pòs Leta e se sèl Prezidan Repiblik la ki gen pouvwa pou nome.

Nan sans sa a RED di l denonse konpòtman aganman, politik dilatwa, woule m 2 bò, Premye Minis a,i Michel Patrick Boivert ak tout konsèy minis lan ap fè nan lespwa y ap rive chavire pwosesis politik ki dwe mennen nan enstalasyon konsèy prezidansyèl la.

Pi lwen, Platfòm Politik RED mande pou Michel Patrick Boivert ak tout konsèy minis lan, fè yon ti chita pou repase nan memwa yo tout sa yo pibliye ofisyèlman nan Monitè pandan 32 mwa ki sot pase yo.

Fòk nou raple nan yon lèt li voye bay doktè Ariel Henry nan dat 28 Mas 2024 la, Prezidan Karikòm lan, Mohamed Irfaan Ali voye lis non moun ki konstitye konsèy prezidansyèl la e li anonse lap ekri l ankò imedyatman manm konsèy la rive chwazi Premye Minis kap gen pou dirije ak yo pandan peryòd tranzisyon an.

Platfòm Politik RED denonse konsèy minis lan ki derefize pibliye Arete ki dwe nome konsèy prezidansyèl la

À lire aussi :

Un livre relié en chaire humaine bientôt retiré de la bibliothèque de Harvard

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite

Getting your Trinity Audio player ready... Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an bay popilasyon an garanti nan yon ti tan ki pa twò long, bandi yo...