Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kwadèboukè: bandi tiye papa atis Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l

Kwadèboukè: bandi tiye papa atis Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l

Kwadèboukè: bandi asasinen papa atis Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l.

Nan yon mesaj li poste sou “story” Instagram li yè swa dimanch 21 janvye 2024 la, atis Clifford Dumé fè konnen bandi nan komin Kwadèboukè tiye papa l epi ale ak yon ti sè l. Ansyen chanpyon konkou Podium Quartiers a souliye tou gen yon ti kouzen l ki mal anpil k ap pran swen lopital. Chantè a lanse yon SOS pou mande èd moun pou l ka rejwenn ti sè a.

“Yo touye papa m, yon ti kouzen m byen mal lopital, e yo kidnape yon ti sè m. Ede m fè kontak please pou m ka rejwenn li”, se mesaj sa Clifford Dumé fè pase pou mande konkou.

Daprè atis la, yo tiye papa l devan Lise Jacques 1er ki nan komin Kwadèboukè. Sou rezo a plizyè entènot eksprime solidarite yo epi pa neglije lache fistrasyon yo fas ak sa ki pase a ki atenn moral jèn chantè a.

N ap raple w Clifford Dumé se li ki chante mizik lanmou inosan an. Yon chante moun renmen anpil ki fè chemen l anpil sou rezo a ak nan medya ayisyen yo.

Kwadèboukè: bandi tiye papa atis Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 22 Janvier 2024

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Kwadèboukè: atis Clifford Dumé enfòme tout moun li rejwenn ti sè l la epi fè konnen ti kouzen li an rantre lakay tou. Nan...

Société

Organisée pour la première fois en 2017, Podium Quartiers est un concours de chant destiné aux jeunes haïtiens et haïtiennes de 17 à 20...