Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kwadèboukè: Clifford Dumé enfòme tout moun li rejwenn ti sè l la

Kwadèboukè: Clifford Dumé enfòme tout moun li rejwenn ti sè l la

Kwadèboukè: atis Clifford Dumé enfòme tout moun li rejwenn ti sè l la epi fè konnen ti kouzen li an rantre lakay tou.

Nan yon nòt li pibliye sou paj Instagram li yè lendi 22 janvye 2024 la, atis Clifford Dumé enfòme tout moun li rejwenn ti sè l la nèg ak zam nan Kwadèboukè te kidnape aprè yo te fin tiye papa l avan sa devan Lise Jacques 1er. Chanpyon konkou Podium Quartiers a te gen yon ti kouzen l tou ki te lopital ki fini pa rantre lakay li. Li remèsye anndan nòt sa moun ki te pote sipò yo pandan moman difisil la.

“Staf Clifford Dumé ap salye tout fàn li yo e di nou mèsi paske nou toujou kanpe ak li (…) n ap anonse se gras ak priyè w e sipò w ti sè Clifford Dumé ak ti kouzen l lan rantre lakay yo”, se sa nòt la fè konnen.

Atis la pwofite remèsye chak moun ki te pote soutyen nan nivo yo kapab nan moman difisil l ap travèse a ak fanmi l kote sitiyasyon ensekirite anndan peyi a lakoz li pèdi papa l dimanch ki sot pase a aprè nèg ak zam deside tiye l devan Lise Jacques 1er ki nan komin Kwadèboukè.

Clifford Dumé kontinye mande konkou lapriyè pou fanmi li. N ap raple w se li ki chante mizik lanmou inosan an, yon chante moun renmen anpil ki fè chemen l tou sou rezo sosyal yo ak nan medya ayisyen yo.

Kwadèboukè: Clifford Dumé enfòme tout moun li rejwenn ti sè l la

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 23 Janvier 2024

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Kwadèboukè: bandi asasinen papa atis Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l. Nan yon mesaj li poste sou “story” Instagram li yè swa...

Société

Organisée pour la première fois en 2017, Podium Quartiers est un concours de chant destiné aux jeunes haïtiens et haïtiennes de 17 à 20...