Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sécurité

Kwadèboukè: Lapolis demanti enfòmasyon ki fè kwè yo gen anpil ajan ki blese

Croix-des-Bouquets: aucune installation policière n'a été attaquée selon la PNH

Yè samdi a sant vil komin Kwadèboukè te enpratikab anpil apre echanj anpil kout zam ant lapolis ak nèg baz 400 Mawozo.

Sou rezo sosyal yo, anpil pòs te lèse kwè gen plizyè polisye ki nan difikilte nan kad operasyon, gen moun ki te menm panse polisye yo pran nan sa k te rive ajan SWAT yo nan vilaj de Dye. Lapolis soti yon nòt rapid pou demanti enfòmasyon sa yo epi kalifye yo de rimè. 

Selon enstitisyon polis la, operasyon samdi 18 septanm lan se pou deloje bandi k ap teworize popilasyon Kwadèboukè a. Si enfòmasyon ki t ap kouri yo di gen anpil polisye ki blese, nan nòt la PNH la presize se yon sèl ajan l ki touche pa bal nan bra li. Epi fè konnen yo te pran dispozisyon mennen li lopital epi rasire ke eta sante l estab.

Pi lwen nan nòt sa, lapolis anonse gen dispozisyon ki pran pou ranfòse prezans lapolis nan zòn Kwadèboukè a. Yon zòn ke bandi fin achte lajan kontan ki mete sitwayen komin sa ak lòt moun ki abitye frekante l nan anpil tèt chaje. 

*Sa k te pase yè samdi nan Kwadèboukè*

Redaksyon jounal la aprann tou ke nèg baz 400 Mawozo yo te debake pou ale enstale yon chèf gang nan baz ansyen chèf gang Depòte. Se nan moman sa lapolis te vin rive epi debake sou yo. Anpil kout zam te chante paske nèg yo t ap fè rezistans fas ak polisye yo, selon sa yon sous polisyè fè konnen. 

Lapolis arete 2 chofè nèg 400 Mawozo ki t ap kondi kamyon fatra, gen bandi ki tonbe si n kwè deklarasyon menm sous polisyè sa.

Fenomèn ensekirite a ap vale teren tout kote anndan peyi a. Sa ki mete popilasyon an nan ti soulye l fas ak bandi k ap enpoze lwa yo chak jou ki jou.

Croix-des-Bouquets: aucune installation policière n'a été attaquée selon la PNH

Dekouvri plis:

Migration et aide au Grand Sud: les priorités de Claude Joseph au CELAC

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Lionnel Lazarre, ancien coordonnateur général du Synapoha, installé comme porte-parole adjoint de la PNH. Lionnel Lazarre a été officiellement installé ce jeudi 18 juillet...

Actualités

Le Premier ministre Garry Conille et le Conseiller présidentiel Louis Gérald Gilles ont visité l’Hôpital Général après que la PNH a repris le contrôle...

Actualités

La PNH déclare la fin de la récréation pour les gangs et reprend le contrôle de l’Hôpital Général. Lors d’une conférence de presse, le...

Actualités

Ce lundi 1er juillet 2024, des gangs armés commencent à la démolition du Commissariat de Gressier Les gangs armés continuent de poser des actes...