Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis arete Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pitit fi li ki gen 12 zan

Lapolis arete Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pitit fi li ki gen 12 zan

Lapolis arete Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pitit fi li ki gen 12 lane.

Lapolis Nasyonal Dayiti anonse jodi mèkredi 22 fevriye a arestasyon Alex Deroné, ki konn abitye jere kesyon piblisite nan radyo ak televizyon. Li gen akizasyon agresyon seksyèl ki pandje sou tèt li. Daprè enstitisyon polis la, li agrese pwòp pitit fi li ki gen 12 zan.

Nan nòt sa, PNH la rapòte pitit fi Alex Deroné a eksplike papa l te agrese l seksyèlman nan lannwit samdi 18 fevriye a. Se akoz doulè penetrasyon an pwovoke ki fè papa a te oblije abandone.

Toujou daprè temwanyaj timoun lan lapolis t ap rapòte, se aprè 2 tantativ papa a te deside bay vag men li mande l pou l pa di lòt moun sa k pase a.

Papa a sou bò pa l fè konnen ak lapolis se pa vre epi voye jete akizasyon pitit fi l. Pou Alex Deroné se ta matant timoun lan ki rele Joseph Judette ki ap manipile m nan dosye sa.

Lapolis nan fen nòt sa raple se matant sa piblisis la lonje dwèt sou li a ki te akonpaye ti demwazèl ma pote plent kont prezime agresè a.

Lapolis arete Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pitit fi li ki gen 12 zan

Dekouvri plis:

La nouvelle politique d’asile de Biden suscite la controverse

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu