Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis arete “Sniper” ki te konn fè tèt li pase pou polisye sou entènèt la

Lapolis arete "Sniper" ki te konn fè tèt li pase pou polisye sou entènèt la

Lapolis arete Arcus Jhonny Cadestin alyas “Sniper”, yon endividi ki te konn fè tèt li pase sou polisye sou rezo sosyal yo.

Nan yon videyo enstitisyon lapolis la mete deyò jodi lendi 23 oktòb prezante bay popilasyon an Arcus Jhonny Cadestin alyas Sniper. Endividi sa te konn fè tèt li pase pou polisye sou rezo sosyal yo nan fè kwè li toujou nan operasyon lapolis elatriye. Li avwe nan videyo PNH la se manti li te konn bay, tout sa l te konn ap di yo se imajinasyon.

Sniper jwenn arestasyon l jedi 12 oktòb la nan moman li te nan Ayewopò Toussaint Louverture daprè lapolis. Pandan plizyè mwa li twonpe vijilans anpil moun sou rezo sosyal yo nan fè videyo pou montre li nan operasyon, li konn fè afwontman ak bandi. Li fini pa avwe nan videyo lapolis la se manti li te konn bay.

Endividi sa te konn menm rive ap kritike wo kòmandman lapolis la li di ki pa vle bay lòd pou ale afwonte bandi yo. Li te konn voye anpil pawòl piman bouk pou montre li fache kont wo kòmandman an. Tout sa yo se te imajinasyon selon endividi ki souliye anyen nan sa l te konn ap di yo pa t kanpe sou anyen.

Sniper ki t ap reponn kesyon polisye yo avwe li pa t janm vrèman nan okenn operasyon polisye te konn ap mennen jan l te konn fè kwè sa nan videyo li yo. Li menm fè konnen li pa gen zam, se yon senp sivil li ye. Men anpil moun sou rezo a te konn kwè Sniper se polisye pou jan li te konpòte l.

Atravè videyo a, endividi rekonèt li bay pil manti sou koze fè moun kwè li patisipe nan operasyon lapolis ap fè kont gang. Li te pwofite konseye moun yo itilize entènèt la yon lòt jan pou yo pa tonbe nan pwoblèm tankou l.

Pou kounya, Arcus Jhonny Cadestin nan men lapolis pou lajistis kapab panche sou ka l la aprè li fin pase plizyè mwa ap bay manti nan itilize tit polisye sou rezo sosyal yo.

Lapolis arete "Sniper" ki te konn fè tèt li pase pou polisye sou entènèt la

Dekouvri plis:

La MMSS facilitera un retour à la normale de la situation sécuritaire du pays, selon Eric Stromayer

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu