Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kidnapin: legliz katolik anonse lekòl ak lòt enstitisyon li yo ,ap fèmen pandan 3 jou

CEH / référendum / Une messe contre l'insécurité chantée par tous les évêques en l'église Saint-Pierre
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Jodi madi 20 avril la fè 10 jou depi anpil relijye ak pè toujou twouve yo nan men baz 400 Mawozo ki te kidnape yo dimanche 11 avril pase a.

Nan sans sa, legliz katolik atravè Konferans Episkopal la sòti yon nòt pou kontinye denonse zak kidnapin ak ensekirite a  epi anonse 3 jou  tout lekòl  katolik ak inivèsite  yo fèmen pòt yo .

Nan kòmansman nòt la, konferans Episkopal la fè konnen zantray tout moun ki gen renmen nan kè yo ap dechire lè yo wè moun yo gen 10 jou nan men bandi yo .

Pi lwen nan nòt sa, legliz katolik anonse sòti demen mèkredi 21 an pou rive vandredi 23 avril, lekòl katolik, presbiteral, kongreganis, inivèsite ak tout lòt enstitisyon selman lopital ak sant sante yo kap kontinye travay.

Nòt sa presize  pandan 2 premye jou yo, pè yo ap kontinye selebre mès maten oubyen midi pou liberasyon moun yo kidnape yo, pou konvèsyon kidnapè yo, pou delivrans peyi Dayiti.  Aprè prèch pandan lamès la, nòt la envite pè yo resite Litani Mizèrikòd Bondye a kòm priyè inivèsèl.

Pou twazyèm jou a, klòch tout legliz ap sonnen a midi tapan, ap gen adorasyon sen sakreman,  legliz yo ap medite kèk sòm louwanj. Toujou nan twazyèm jou a, bò 3 è tout legliz katolik ap resite chaplè Litani Mizèrikòd Bondye epi klotire ak lamès.

Legliz katolik la fè konnen pandan y ap priye, yo raple otorite peyi a pou pran angajman yo.

Nòt sa pote siyati kadinal Chibly Langlois evèk Okay, Monseyè Launay Saturne achevèk Okap, Monseyè Max Leroy Mesidor achevèk Pòtoprens, Monseyè Duckange Sylvain achevèk oksilyè Pòtoprens, Monseyè Desinord Jean evèk Ench, Monseyè Yves Marie Peant evèk Gonayiv, Monseyè Quesnel Alphonse evèk Fòlibète, Monseyè Charles Barthelus evèk Pòdepè, Monseyè Marie Erick Glandas evèk Jakmèl, Monseyè Joseph Gontrand Decoste evèk Jeremi epi Monseyè Pierre André Dumas ki se evèk Ansavo/Miragwàn.

Fò nou raple jedi pase a, legliz katolik te fèmen pòt li. Anpil lòt enstitisyon ak antrepriz te fè solidarite epi fèmen  pòt yo , ki te lakòz prèske  tout aktivite te paralize nan kapital ayisyènn nan .

Dekouvri plis:

En fusionnant le compas et la salsa, Alex CKJ crée de la sensation sur la toile

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

 Face à la terreur de la coalition « Viv Ansanm », les habitants réclament des actions concrètes des autorités. Ce dimanche 15 décembre 2024, plusieurs quartiers...

Religion

Une nomination historique pour ce sanctuaire emblématique qui accueille chaque année des millions de visiteurs. Le Père Bernard Antoine devient le 16ᵉ Religieux de...

Économie

Une gestion monétaire prudente face aux défis politiques, sécuritaires et économiques en Haïti. La Banque de la République d’Haïti (BRH) a réussi à maintenir...

Actualités

L’ambassade des États-Unis annonce jusqu’à nouvel ordre l’annulation des rendez-vous pour les visas et services aux citoyens américains. Face à la montée des violences...