Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Lekòl paka tann: yon mizik Jean Jean Roosevelt pou konsyantize tout aktè yo

Jean Jean Roosevelt soti yon mizik pou atire atansyon sou timoun yo ki pa ka ale lekòl akoz sitiyasyon peyi a

Jean Jean Roosevelt soti yon dènye mizik pou atire atansyon popilasyon an sou lekòl ki prèske fèmen akoz sitiyasyon sosyo politik ak sekiritè peyi a.

Atis Jean Jean Roosevelt soti yè dimanch 19 mas la yon nouvo mizik ki rele “Lekòl Pa ka tann”. Selon sa chantè a fè konnen ak Juno7 nan yon interview li bay medya a, se swit li fè ak yon kantite travay li te getan fè deja kote li preyokipe anpil pa edikasyon ak fòmasyon timoun anndan peyi a. Li fè konnen toutotan li pa santi objektif yo atenn li ap kontinye pandan l souliye se yon travay sitwayen angaje ki touche pa pwoblèm sosyete a kote timoun yo pa ka rejwenn chimen lekòl akoz sitiyasyon sosyo politik ak sekiritè yo. Li di aktè yo ka ap regle afè yo men yo pa dwe prive timoun yo de edikasyon ak chimen lekòl.

Mizik sa ki disponib sou paj Facebook atis la an videyo dire 2 minit. Atis la pa kache emosyon l pou l di sa fè l mal pou l wè se timoun yo ki oblije ap nwaye anndan de seri de konfli. Depi plizyè lane n ap raple w elèv yo pa an mezi fè yon lane lekòl konplè akoz manifestasyon, gè gang ak gang nan katye yo, afwontman polis ak bandi san nou p ap bliye fenomèn peyi lòk ak kidnapping k ap vale teren. “Yon peyi kote edikasyon sou poz se kòmsi s on peyi k ap fouye pwòp tonm li pou l rantre”, daprè sa atis la estime.

Jean Jean Roosevelt espere wè yon amelyorasyon sitiyasyon an kote tout timoun ka reprann chimen lekòl san kè sote. Pou li menm, edikasyon dwe anlè tout bagay ki ta ka genyen kòm konfli. “Lekòl dwe anlè tout bagay yo. Nou espere vrèman tout sektè ak tout aktè nan vi nasyonal la a konprann lekòl dwe anlè tout bagay sa yo. Yo ka toujou ap regle afè yo men pa prive timoun yo de edikasyon, de chimen lekòl.”

Atis la mande moun yo chita epi reflechi pou wè si bagay la kontinye jan l prale a ki avni peyi a pou 10 pwochen lane yo. “An n pa kite timoun yo grandi pou yo pa konn <<G A Ga>> nan fèy malanga. Ke tout moun pran responsabilite yo, ke tout moun konprann voye timoun lekòl s on devwa sitwayen, s on misyon sakre, pou Ayiti et pour nos pères formons des fils et formons des filles”, se konsa l te fèmen interview sa.

https://fb.watch/jnZxf00oPe/?mibextid=kdkkhi

Pi ba n ap ka li tèks orijinal atis la ki gen rapò ak mizik la

LEKÒL PA KA TANN

Kèlkeswa kote w kanpe
Avanse vin fè yon koze
Si w se pitit peyi a
Ou dwe pale nan pawòl sa a
Mwen pa konnen kijan
Ni kisa nou pral fè

Men…
Lekòl pa ka tann
Lekòl pa ka tann
Fòn degaje n kou
mèt Jan Jak
Dekouvri St Pyè
Kouvri st Pòl
Lekòl pa ka tann

Tout sosyete ki vle avanse
Toujou mete ledikasyon an premye
Pa kite timoun yo grandi kou chwal
Pa kite yo pa konn G A GA nan fèy malanga
M pa konnen kijan ni kisa nou pral fè

Men…
lekòl pa ka tann
Lekòl pa ka tann
Li pa ka tann nou defache
Lekòl pa ka tann
Li pa ka tann lè nou sou sann
Lekòl pa ka tann
Li pa ka tann lè nou gen tan

Woy woy woy woy woy woy
Ti moun yo bezwen al lekòl (bis)

Yo bezwen le savwa
Yo bezwen lasyans
Pou demen, pou peyi a

Woy woy woy woy woy woy
Ti moun yo bezwen al lekòl (bis)

Ti Mari vle vin doktè
Ti Pouchon vle enjenyè
Ti Pòl vle vin pwofesè
Pou peyi a

Woy woy woy woy woy woy
Ti moun yo bezwen al lekòl (bis)

Pour le pays et pour nos pères
Formons des fils ,
Formons des filles ….

Jean Jean Roosevelt
Mars 2023

Jean Jean Roosevelt soti yon mizik pou atire atansyon sou timoun yo ki pa ka ale lekòl akoz sitiyasyon peyi a

Dekouvri plis:

Pour la troisième fois d’affilée, le FC Barcelone de Xavi dompte le Real Madrid

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

“Jenerasyon 2000”, la chanson à paraître de Jean Jean Roosevelt pour sensibiliser les jeunes sur la déviance Tandis que les invitations à la violence,...

Société

Si vous avez l’habitude d’écouter Caraïbes fm, le nom Phanord Cabé vous dit peut-être quelque chose. Il n’est pas journaliste, mais il est parmi...