Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Ensekirite: Léon Charles anonse lapolis ap fouye tout machin vit tente, plak ofisyèl ak SE

Kidnapin: Léon Charles anonse lapolis ap fouye tout machin vit tente, plak ofisyèl ak SE

Nan yon pwend près li bay jodi mèkredi 3 mas la, devan lokal kolèj Canado ayisyen an sou Tijo, Direktè Jeneral lapolis la Léon Charles bay kèk mezi ke lapolis pral gen pou pran pou frennen machin kidnapin nan.

Byen avan nimewo 1 PNH la te pran lapawòl, Garry Desrosiers ki se pòt pawòl enstitisyon an te entwodwi pwen près sa pou fè konnen se yon siyal ke wo kòmandman lapolis la voye bay popilasyon an pou di l tout wo kòmandman lapolis la desann atè pou kwape kidnapin nan peyi a.

“N ap reyalize depi anpil semèn gen yon remonte ka kidnapin yo nan peyi a. Sa touche wo kòmandman espesyalman Direktè jeneral la. Jès sa ke nou fè nou bay pwen près sa nan mitan lari a, se pou nou voye yon siyal klè bay popilasyon an pou nou di ke nou met pye nou atè pou nou konbat fenomèn sa”, deklare Gary Desrosiers.

DG Léon Charles nan entèvansyon l yo anonse kèk mezi lapolis la pral pran nan jou yo pou rezoud pwoblèm kidnapin nan. Li fè konnen tou ke pwoblèm kidnapin pa pwoblèm lapolis la sèlman, daprè li se yon pwoblèm sosyete. Pou Rezon sa lapolis la prè pou l jwe wòl li epi pwofite bay kèk nimewo telefòn pou popilasyon an kapab kominike ak yo.

“Pwen sa se pou nou asire popilasyon ke wo kòmandman avèk tout polisye yo desann atè a 24 sou 24 pou fè fas ak fenomèn ensekirite sa. Youn nan mezi ke lapolis la pran pou kapab jwenn plis enfòmasyon pou travay la kapab bay plis rezilta. N ap mete yon nimewo byen senp ke popilasyon ap kapab kominike avèk nou, se 122 k ap operasyonèl apati vandredi, lapolis la prè pou l jwe wòl pa l”.

38 38 1111, 39 39 1111, se 2 lòt nimewo telefòn Léon Charles kominike tou pou kapab rele pandan jou sa yo avan disponibilite premye nimewo a vandredi k ap vini la.

Léon Charles te pwofite okazyon sa pou di ke lapolis la pral fè fouy nan lari a nan lide pou ranfòse mezi yo tou epi pwofite mande popilasyon an kolabore ak yo

“Kesyon vit tente, plak sèvis leta, plak ofisyèl, ki pa aktyalize lapolis la pap genyen pas pou ki, lapolis pral fouye tout moun se mezi prevantif ke nou pral fè e nou kòmanse pran pou nou kapab kwape fenomèn sa. N ap solisite èd popilasyon an pou nou kapab bay plis rezilta pou lapè ak trankilite lespri kapab retounen nan peyi a”.

Entèvansyon sa vini touswit apre remonte espektakilè ka kidnapin anndan peyi a kote nan zòn Tijo a ki anviwonnen pa plizyè lòt zòn gen 5 ka kidnapin ki fèt pou yè mèkredi a. Fòk nou siyale tou nimewo 1 lapolis la pa t abòde dosye Avni Kristòf ki te pase maten an.

Dekouvri plis:

Le commissaire divisionnaire Jacques Joël Orival installé à la Direction du personnel de la PNH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le gouvernement américain va faire un don de 10 millions de dollars à la PNH en armes et munitions C’est peut être un tournant...

Sécurité

Du 27 février au 26 mars, 17 membres de gangs dont “Ti Grèg” et “Makandal” ont été tués dans des opérations policières. La Police...

Sécurité

Deux jeunes filles ont été arrêtées par la Police pour leur implication dans des activités criminelles liées aux gangs. La Police Nationale d’Haïti a...

Actualités

L’agent de police Noël Anel, a été tué par des individus armés au niveau de Delmas 72. Le Syndicat national des policiers haïtiens (SYNAPOHA)...