Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Pou premye match li nan Lig Chanpyon, Melchie Dumornay patisipe nan viktwa ekip Lyon an ak yon pas gòl

Pou premye match li nan Lig Chanpyon, Melchie Dumornay patisipe nan viktwa ekip Lyon an ak yon pas gòl
Photo: OL Féminin

Pou premye match li jwe nan Lig chanpyon UEFA, Melchie Dumornay bay yon pas gòl pou pèmèt ekip li egalize epi retounen nan match.

Pou premye match li nan Lig Chanpyon, Melchie Dumornay patisipe nan viktwa ekip Lyon an ak yon pas gòl

Photo: OL Féminin

Melchie Daelle Dumornay anpil moun konnen sou non Corventina jwe, jodi madi 19 mas la, premye match li nan istwa Lig chanpyon UEFA lakay medam yo. Li te monte nan 55èm minit nan match la epi ta pral bay yon pas 8 minit aprè, ki ta pral pèmèt Delphine Cascarino make epi bay posiblite ak ekip Lyon an pou retounen nan match aprè Benfica t ap mennen 1-0.

Match sa ki konte pou kadefinal ale wè club Melchie a jwenn viktwa a 2-1 epi pran yon bon opsyon pou match retou a nan peyi Frans. Grenadyè a vini premye moun ki gen nasyonalite ayisyèn (fi tankou gason) ki jwe konpetisyon sa nan faz eliminasyon dirèk, sa n rele pa bò isit faz dechoukay oubyen voye ale a.

Match jodia t ap fèt nan peyi Pòtigal. Yon rankont ki konte pou match ale ¼ de final Lig chanpyon UEFA lakay medam, pi gwo konpetisyon club nan koze foutbòl fanm an Ewòp. Si ekip Lyon an te gen yon lejè avantaj nan sa k gen pou wè ak posesyon boul la nan premye mitan, se Benfica ki ta pral ouvè eskò a nan 43èm minit pa Andreia Faria. Club fransè a te twouve l an difikilte pandan premye manch lan.

Rankont foutbòl sa te wè jwez ayisyèn lan, Melchie Daelle Dumornay, sou ban akoz li apèn leve anba yon blese ki te ekate l de teren pandan anviwon twa mwa. Nan dezyèm mitan match foutbòl la, Lyon te oblije fè chanjman ki ta pral pèmèt ayisyèn lan monte pou l kapab jwe premye match li nan Lig Chanpyon UEFA epi vini premye ayisyen ki jwe konpetisyon sa nan faz eliminasyon dirèk.

Melchie Daelle Dumornay te monte nan 55’ minit epi ta pral chanje match la. Nan 63’ minit, Ellie Carpenter ba l yon boul an retrè epi ta pral remèt balon sa ak Delphine Cascarino ki ta pral make epi egalize pou ekip Lyon an. A 1-1 match la te pratikman relanse.

 

Pou premye match li nan Lig Chanpyon, Melchie Dumornay patisipe nan viktwa ekip Lyon an ak yon pas gòl

Photo: OL Féminin

Chanjman ki te opere nan dezyèm mitan yo te pèmèt ekip Lyon an plis pouse jistan li ta pral jwenn yon dezyèm gòl nan 79’ minit gras ak Sara Däbritz aprè yon pas gòl ki te fèt pa Lindsey Horan.

Match la te rete konsa a 2-1 an favè ekip Lyon an ki te domine match la avèk 56% posesyon, 20 chout (9 kadre). N ap raple tou ekip Benfica a te frape yon boul sou poto nan premye mitan an.

Match retou a se pou 27 mas lakay Lyon. 8 ekip ki nan kadefinal yo se Lyon, Chelsea ki bat Ajax jodia (3-0), BK Häcken k ap jwe demen ak PSG et FC Barcelone k ap an deplasman demen tou sou teren Brann Kvinner. Sezon pase se ekip FC Barcelone lan ki te chanpyon sou Wolfsburg (3-2).

 

Pou premye match li nan Lig Chanpyon, Melchie Dumornay patisipe nan viktwa ekip Lyon an ak yon pas gòl

Photo: OL Féminin

À lire aussi :

La partie manquante d’un buste de Ramsès découverte en Égypte près d’un siècle plus tard

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Ligue des Champions : Melchie Dumornay de l’Olympique Lyonnais contribue à la victoire (3-2) contre le Paris Saint Germain grâce à un but et...

Sports

Melchie Dumornay fait partie du onze type des meilleures jeunes joueuses U20 de l’IFFHS 2023. L’attaquante haïtienne Melchie Daelle Dumornay figure dans le onze...

Sports

Classement Goal.com: Melchie Daelle Dumornay figure à la 16e place des 50 meilleures joueuses pour la saison 2022-2023. Le média Goal.com a dévoilé ce...

Sports

IFFHS Awards 2023: triple nomination pour la pépite haïtienne Melchie Daelle Dumornay. La grenadière Melchie Daelle Dumornay surnommée Corventina est nommée dans trois catégories...