Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Longue vie”, yon mizik Wendy ki sakaje rezososyo a nan mwens ke 24 trèd tan

"Longue vie", yon mizik Wendy ki sakaje rezososyo a nan mwens ke 24 trèd tan

Rapè ayisyen an Wendy lage yè madi 9 fevriye 2021 an, yon mizik ak tout videyo ki rele “Longue vie”. Yon mizik ki dire 3 minit ak 32 segond.

Chinwa yo mande anraje sou rezo a

Chinwa yo se non moun ki adere ak atis Wendy epi ki toujou ap sipòte l. Apre soti mizik sa sou paj atis la, chinwa yo pran rezo a pou yo nan pataje mizik la, nan kòmante pou felisite atis la.

Nan anpil reyaksyon, fanatik ansyen mennaj Shishie a demontre atachman yo pou atis la anndan de seri de kòmantè. Li t ap enpridan anpil pou jan sansasyon an ye sou rezo a pou yon moun ta oze vin kritike oubyen fè blag ki gen move gou. Mande atis Kolonel sa l pase.

Chinwa yo Freez Kolonel sou Twitter

Apre soti mizik Wendy a, Kolonel chèf Kriswa lage yon twit konsa: Kèm fem mal pou li(ri) li pa Update Toujou menm Vibe la… Lajenès devan.

Yon twit Kolonel petèt pa t panse ki te ka mete l nan tèt chaje ak Chinwa Wendy yo ki t ap dòmi. Pèp twitè kouri ak Kolonel, anpil moun dezabòne ak li, anpil jouman ki derespekte pèsonalite atis plake a. Apre premye twit la, pou eseye kalme tansyon an, Kolonel lage yon dezyèm twit konsa: Sak pou renmenm yo ap renmenm pi gwo a pou lage.

Sa pa t anpeche moun yo toujou ap joure atis la.

Plizyè figi koni twit pou salye atis la

Yon mizik k ap fè chimen l sou rezo a. Ansyen depite Dèlma a, Gary Bodeau fè yon twit pou l di longue vie epi l mete yon ikòn kouwòn ak 3 flanm dife. Yon twit ki ta lèse panse ansyen palmantè a se yon chinwa tou.

Jounalis Tele Métropole la, Grégory Bleu-Ciel nan yon pòs sou Facebook kwè lanmou fanatik Wendy yo ba l la, anpil atis anvi jwenn lanmou sa tou

“Wendy se pa atis ayisyen ki gen plis talan m tande men lanmou frè m ak sè m yo pou li enspiran. M panse misye bay anpil atis anvi jwenn lanmou san kondisyon sa”. Prezantatè emisyon Metro-foot sou 52 a te kontinye pou l di: “Dènye moun ayisyen te renmen konsa rele Aristide mèsi Wendy gras a ou m ka di lanmou egziste toujou sou ti zile sa”.

AndyBeatz prèske ale nan menm sans ak Gregory anndan yon twit, pou l montre ayisyen bay lanmou ak Wendy menm jan yo fè l pou atis lòtbò yo

“Sa ki fè m plezi se ke omwen gen yon atis ayisyen nou bay menm love ak kèk atis entènasyonal. M ret kwè ke lè anpil lòt atis lokal ta fè efò pou l gen kè fanatik li konsa mizik nou ap rive lwen”.

San pase pa 4 chimen, Pipo Saint-Louis avwe mizik Wendy a rive sou li, pandan l fè konnen menm kan li pa ekspè nan rap kreyòl men tèks la byen ekri malgre tèks la ka parèt nasisik.

Longue Vie pete plafon nan mwens ke yon jou

Mizik sa ki soti yè a 3zè nan laprèmidi getan gen 524 mil vizyonaj sou YouTube nan mwens ke 24 trèd tan. Gen 28 mil kòmantè anba videyo a, 47 mil like pou videyo a. Estatistik sa yo se nan moman nou t ap ekri atik la.

Anndan menm videyo sa, atis la bay fanatik li yo randevou pou 3 mas k ap vini la. Long vi ak chinwa yo ki gen bagay nan men yo pou fè djòlè!

Dekouvri plis:

Haiti: L’essentiel de l’actualité du mercredi 10 février 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

France: En présentant Haïti dans une interview accordée à la Ligue 1 Uber Eats, le grenadier Danley Jean Jacques confie qu’il écoute le rappeur...

Aktyalite AN KREYÒL

Yole Derose soti nan silans li epi pale ak fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè se koze bòykotaj k ap regle kont atis...

Culture

À la découverte de Serge Berry Marès, le beatmaker qui a composé les morceaux instrumentaux de “Solo” et “Plat complet” sur l’album III de...

Musique

CEO, la nouvelle chanson de Wendyyy, récolte un million de vues sur YouTube en l’espace de dix heures qui ont suivi sa publication. Après...