Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Otorite Los Angeles dedomaje madan Kobe Bryant 29 milyon dola paske sekouris yo te fè foto kadav mari l

Konte Los Angeles dedomaje madan Kobe Bryant 29 milyon dola paske sekouris yo te fè foto kadav mari l

Konte Los Angeles dedomaje madan Kobe Bryant 29 milyon dola paske foto kadav mari l ak pitit fi l Gianna Bryant te pibliye pa sekouris yo.

Vanessa Bryant ki se madan basketè Kobe Bryant resevwa 29 milyon dola kòm domaj ak enterè paske foto kadav mari l ak pitit fi l Gianni Bryant te pataje ak kèk moun aprè yo te fin peri nan yon aksidan elikoptè ki te fèt nan kòmansman ane 2020 an ki te mete dlo nan je lakay anpil moun sou latè sitou fanatik Basket-ball. Li te pousiv an jistis Konte Los Angeles (Comté de Los Angeles) poutèt foto yo ki te pran pa sekouris yo. Li krenn pou foto sa yo pa pibliye yon bon jou sou rezo sosyal yo paske sekouris yo te montre oubyen pataje kliche yo ak kèk moun pwòch yo.

Daprè enfòmasyon plizyè medya, foto sa yo te pran pa premye sekouris ki te rive sou lye aksidan an epi te pataje foto sa yo bay ajan cherif yo ak manm sapè ponpye Konte Los Angeles yo. “Nou espere viktwa sa ap mete fen ak modèl pratik sa yo”, se sa Luis li, avoka madan Kobe Bryant lan deklare pou eksprime kontantman yo.

Pi lwen, Luis Li ajoute pou l di: “Li goumen pou mari l, pitit fi l ak tout lòt moun ki gen yon pwòch yo ki te mouri epi ki trete ak menm mank respè sa.”

N ap raple 26 janvye 2020, Kobe Bryant ak pitit fi l Gianna ki te gen 13 lane plis 7 lòt moun te mouri nan yon aksidan elikoptè sou tèt yon Kolin ki tou prè Los Angeles.

Konte Los Angeles dedomaje madan Kobe Bryant 29 milyon dola paske sekouris yo te fè foto kadav mari l

Dekouvri plis:

Testé positif au fentanyl, le rappeur Kodak Black condamné à entrer dans un centre de désintoxication pendant un mois

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Terrible nouvelle pour le monde du sport et les fans de basket en particulier. L’ancienne star de la NBA Kobe Bryant s’est tué dans...