Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Machin gwoup “Anbyans Tèt dwat” tonbe nan yon falèz Pòmago, Oky Jems fè konnen tout mizisyen anfòm

Machin gwoup "Anbyans Tèt dwat" tonbe nan yon falèz Pòmago, Oky Jems fè konnen tout mizisyen anfòm
Getting your Trinity Audio player ready...

Machin fòmasyon mizikal Anbyans Tèt Dwat tonbe nan yon falèz Pòmago, atis Oky Jems fè konnen tout mizisyen yo anfòm.

Oky Jems ak ekip li fè aksidan jodi madi 25 jiyè 2023 a sou wout Pòmago a. Machin yo te ladan l lan ale tonbe nan yon falèz. Atis la nan yon live Facebook rasire tout moun mizisyen yo anfòm epi remèsye tout moun ki te ekri l pou pran nouvèl li.

Selon sa atis la eksplike nan live Facebook sa, se fren machin lan ta pèdi pandan li t ap kondi l pou yo ale jwe aswè a nan zòn Ansafolè. Wa nan koze kanaval pa bò isit la fè konnen okenn moun anndan machin lan pa t panike jiskaske yo soti anfòm aprè aksidan sa. “Machin lan ap plonje, m pa jwenn fren, m di nèg yo poze wi”, se sa atis la eksplike pou montre yo te gen tout san fwa yo.

Aktyèlman ekip Anbyans Tèt dwat la Ansafolè pou kapab ale onore kontra yo epi bay plezi aswè a nan pwogram y ap gen pou jwe pou piblik k ap reponn prezan.

N ap raple atis Oky Jems te fè yon aksidan 7 jiyè 2013. 10 lane aprè li refè yon lòt aksidan.

Machin gwoup "Anbyans Tèt dwat" tonbe nan yon falèz Pòmago, Oky Jems fè konnen tout mizisyen anfòm

Dekouvri plis:

Les réfugiés de Tabarre dispersés à coups de gaz lacrymogène par la PNH devant l’ambassade des États-Unis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu