Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Madanm Achraf Hakimi dekouvri foutbolè a pa gen byen ak lajan labank, tout sou non manman l

Madanm Achraf Hakimi dekouvri foutbolè a pa gen byen ak lajan labank, tout sou non manman l

Madanm Achraf Hakimi sezi lè l aprann foutbolè PSG a pa gen byen ak lajan labank tout sou non manman l.

Madanm Achraf Hakimi ki rele Hiba Habouk ki se yon aktris, dekouvri devan tribinal fransè, mari l pa gen ni byen ak lajan labank tout sou non manman l. Dam lan ta pral fè dekouvèt sa aprè l te fin anonse fen mas ki sot pase a nouvèl separasyon l ak foutbolè PSG a pou yon koze akizasyon vyòl.

Jèn fanm 36 lane a te deside ale tribinal pou koze divòs epi nan entansyon pou reprann mwatye nan byen mari l ki se papa 2 pitit li men se te byen konte ak mal kalkile lè l te aprann jwè mawoken an mete tout sa l genyen sou non manman l.

Yon enfòmasyon ki fè anpil buzz sou rezo sosyal yo ki ta pral konfime vandredi maten an pa jounal espayòl AS anndan yon atik.

Daprè jounal AS ki reprann piblikasyon First Mag la, madanm Achraf Hakimi atravè divòs ak foutbolè a te gen entansyon reprann mwatye byen ansyen jwè Inter de Milan an. Enfòmasyon yo ta lèse kwè sa l te swete resevwa kòm byen evalye a 70 milyon ewo. Men jwè mawoken an te getan trible madanm li lè l voye tout byen l sou non manman l.

Achraf Hakimi fè pati jwè k ap pi byen touche nan chanpyona fransè a kote chak mwa li rantre kòm salè plis pase yon milyon ewo.

Jounal la te kontinye pou l di malgre kout gidon sa Achraf Hakimi fè, madanm li p ap gen pwoblèm finans. Avoka l yo ap travay pou Achraf Hakimi pataje byen l ak 2 timoun yo epi fè konnen tou dam lan se yon aktris ki trè popilè nan peyi Lespay epi ki chaje sponsor tou.

N ap raple w se 27 mas ki sot pase a li konfime li separe ak Achraf Hakimi pou koze vyòl yon lòt dam akize mari l pandan li menm li te Dubaï ak 2 pitit li yo. Li te deklare n ap site “kiyès ki ta ka imajine ap afwonte doulè abityèl yon separasyon, aksepte chagren echèk yon pwojè familyal ke mwen te bay tout mwen menm. Mwen bezwen tan pou m dijere chòk sa.”

Madanm Achraf Hakimi dekouvri foutbolè a pa gen byen ak lajan labank, tout sou non manman l

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce vendredi 14 avril 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Le défenseur du PSG Achraf Hakimi mis en examen pour viol : les détails de l’affaire et les réactions des parties concernées. Le joueur...