Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Manman Géraldine Joachim konfime kidnapè yo vyole pitit fi l la

Manman Géraldine Joachim konfime kidnapè yo vyole pitit fi l la

Géraldine Joachim, yon ti demwazèl 16 lane te sibi zak kidnapin lendi 18 janvye pase a nan komin Kafou pandan l t ap sot lekòl nan aprèmidi. Li tap ale jwenn liberasyon l yè vandredi 22 janvye a.

Endividi yo vyole l avan yo libere l

Byen avan liberasyon Géraldine Joachim, rimè lanmò l t ap sikile sou rezo a ki ta pral mete yon tristès ak endiyasyon lakay fanmi an ak anpil entènot. Kèk èd tan aprè, nouvèl rasiran tap ale konfime demwazèl la vivan li pa mouri.

Touswit aprè, kèk konfrè jounalis te rive lakay manman viktim lan ki rete anndan Dikini, pi wo faktori ki nan zòn sa, li te aksepte pale ak konfrè jounalis yo.

Madam Vena Constant, manman Géraldine Joachim, fè konnen li te enkyete lè bri nouvèl lanmò Géraldine te vin jwenn li .

“Menm mwen menm mwen te enkyete tou lè y ap di m konsa gen yon timoun 16 zan yo jwenn ki mouri… Kounya la lè yo vin di m sa mwen te vrèman enkyete, mwen te getan ap kriye, m pa gen konsolasyon de nouvèl la m pran an”, eksplike Vena Constant.

Toujou nan eksplikasyon madam Constant, li fè konnen apre kidnapè yo fin relache Géraldine, yon matant li tou pran l li kouri lopital ak li paske li te santi l fèb akoz endividi yo ap kouche l depi jou yo pran l lan

“Li tou pran l, li ale lopital avè l, paske l di l santi l fèb, li pa ka kanpe, gen yon san k ap vide sou li, paske depi lendi yo pran l lan se kouche y ap plede kouche l, li gen san k ap vide sou li, li vrèman santi l pa byen. Kounya matant mwen se lopital li ale avè l la, tatim rele m li di m se nan seròm li ye”.

Fanmi Géraldine bay 3 500 dola ayisyen sou 2 nimewo Mon Cash kòm premye vèsman

Manman Géraldine te kontinye pou l di kidnapè yo te mande 50 mil dola ameriken, nan pale epi negosye yo te desann li a 20 mil dola ameriken jiskaske nan pil negosiyasyon ravisè yo te aksepte bay 2 nimewo Mon Cash pou fanmi an voye 3 500 dola ayisyen.

“Menm kote a, m pa konnen ant yo tout kiyès ki fè reyinyon an yo di konsa nou mèt bay 3 500 dola. Kounya tati (matant manman Géraldine) san reflechi li di eben l ap bay li epi yo bay 2 nimewo telefòn pou voye 2 000 sou yon nimewo, 1 500 sou yon lòt nimewo. Se konsa l te vin fèt, nou bay 3 500 dola premye vèsman”, relate Vena Constant.

Fanmi an kontan apre liberasyon Géraldine

Vena Constant fè konnen tout moun jwaye apre liberasyon pitit fi l la, pandan l te pwofite remèsye tout moun pou sipò yo pandan moman tris sa

“Kounya nou santi nou gen yon jwa nan kè nou. Mwen konnen Bondye pral fè m manje kanmèm paske m potko wè pitit mwen an. Menm lè m poko wè l, men m gen yon jwa. Tout fanmi an jwaye. Tout moun ki t ap ede nou tou nou di yo mèsi, tout moun ki t ap ba nou bakòp, tout elèv, tout moun ki te nan laria ansanm avèk yo, nou di yo mèsi pou sa yo fè a, pou sa y ap kontinye fè pou lòt ki nan lari yo paske se pa sèl Géraldine yo pran, gen plizyè ki nan lari a toujou”, deklare Vena Constant.

N ap raple w chofè bis Eril Dédé, antreprenè Mike Bellot, dansez Joana Dorceus, direktris administrativ Coeur-Unis an Marie Paul Janvier epi dènye an dat ki se Géraldine Joachim jwenn liberasyon yo diran semèn lan. Sa pa anpeche fenomèn kidnapin lan toujou ap vale teren anndan peyi a.

Dekouvri plis :

23 janvier 1976 : décès de Mgr. François Poirier

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...