Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Matisan: Bandi tiye yon ajan UDMO, boule yon blennde

Martissant / Anviwon 44 jou aprè, moun Matisan toujou pa ka rantre lakay yo akoz afrontman gang yo

Matisan: Bandi tiye yon ajan UDMO epi boule yon cha blennde.

Yè vendredi nan lasware pandan afwontman ki te genyen ant lapolis ak bandi nan zòn Matisan, PNH la rive gen viktim nan mitan li.

Exil Michelet ki se yon polisye ki afekte nan inite UDMO jwenn lòt lanmò pandan echanj kout zam ak lapolis. Selon enfòmasyon yo li se yon polisye nan 27èm pwomosyon anndan lapolis la. Yè swa foto l t ap sikile sou rezo ak inifòm polis la sou li, mont li nan men l, l ap benyen nan san l.

Nèg ak zam yo ki pa sispann montre fòs yo ak alèzte yo pou enpoze lwa yo te arive nan menm sware sa boule yon cha blennde ki pou lapolis. Yon cha ki t ap mennen operasyon sila a. 

Nan moman atik sa t ap ekri enstitisyon polis la poko bay detay sou sa k pase a pou popilasyon an ta rive konnen si gen bandi ki tonbe tou, èske gen blese pa katouch nan ran lapolis la ak bò kote gwoup gang yo.

Depi kèk tan, nèg ak zam achte Matisan lajan kontan anba je otorite yo ki enpwisan pou ta bay yon repons pou reprann kontwòl zòn sa ki se yon espas ki mennen nan 4 lòt  depatman nan peyi a san konte rejyon palm lan.

Anviwon 44 jou aprè, moun Matisan toujou pa ka rantre lakay yo akoz afrontman gang yo

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 2 Octobre 2021

 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Le nouveau responsable de l’UDMO/Ouest-2, Joseph Hérard, installé dans ses fonctions. Le Directeur départemental de l’Ouest II de la Police Nationale d’Haïti, le Commissaire...

Sécurité

Des membres du gang de Savien mis en déroute sur la route nationale #1 à Pont-Sondé. La Direction départementale de la police de l’Artibonite...

Sécurité

La Police Nationale d’Haïti a démoli la maison servant de lieu de séquestration des victimes de kidnapping du gang “Tizo”, cousin de Vitelhomme Innocent....

Sécurité

Le commissariat de Martissant sous contrôle des unités spécialisées de la police nationale d’Haïti Le commissariat de Martissant est  sous contrôle des unités spécialisées...