Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

MENFP ak Biwo Sekretè Deta Alfabetizasyon selebre jounen entènasyonal alfabetizasyon

Getting your Trinity Audio player ready...

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ansanm ak Biwo Sekretè Deta Alfabetizasyon selebre jounen entènasyonal alfabetizasyon.

Ministè Edikasyon Nasyonal nan tèt kole ak Biwo Sekretè Deta Alfabetizasyon selebre jounen entènasyonal alfabetizasyon jedi 8 septanm lan nan Petyonvil anba tèm: “Alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl: angajman Leta ak tout sektè anndan peyi a”. Seremoni selebrasyon sa te fèt an prezans plizyè dizèn aprenan ki sòti nan plizyè sant alfabetizasyon anndan peyi a. Te gen prezans minis Edikasyon nasyonal la, direktè jeneral FNE a, direktè jeneral INFP a, kòdonatris PNCS la, reprezantan Unesco, reprezantan Unicef, rektè Inivèsite Leta a, prezidan Akademi Kreyòl ayiseyen an elatriye.

Nan kad diskou li te fè nan okazyon an, sekretè Deta Alfabetizasyon an ki se Sandra Suzette Michel Saint Georges te salye asistans lan ki te konpoze pa plizyè wo kad pami yo minis Nesmy Manigat ki te fè deplasman nan okazyon an. Tou swit aprè Salitasyon li yo, li te pwofite moman an pou fè listwa sou jounen entènasyonal alfabetizasyon an. “Depi lane 1965, UNESCO deklare 8 sektanm se Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon.
Yo te pran desizyon sa a nan lide pou yo ofri peyi ki manm UNESCO yo okazyon pou yo fè piblik la sonje chak ane enpòtans Alfabetizasyon genyen pou sitwayen yo, pou kolektivite yo ak pou asosyasyon yo”.

Sekretè Deta a pi lwen nan diskou l la, rete kwè alfabetizasyon kapab fè yon sosyete jwenn ekilib li, ki kapab bati sou enklizyon sosyal. “Alfabetizasyon moun nan yon peyi se yon dwa ki pèmèt yon sosyete jwenn ekilib li, epi ki tabli yon sosyete san fòs kote, ki bati sou enklizyon sosyal”.

Madam Sandra Suzette Michel Saint Georges raple ak moun ki te la yo, premye gwo travay li te fè lè l rive nan tèt Biwo Sekretè Deta Alfabetizasyon se te vini ak politik Edikasyon nonfòmèl la. Dezyèm aksyon li di l te poze se ranfòseman biwo Sekretè Deta Alfabetizasyon enstitisyonèlman nan fè kèk chanjman nan estrikti direksyonèl ki egziste a nan kreye 2 lòt direksyon.

Titilè Biwo Sekretè Deta Alfabetizasyon an konsyan travay ak misyon bwat l ap dirije a genyen pou konbat analfabetis lan pa bò isit. “edikasyon se yon gwo andikap ki anpeche sosyete a vanse. Nou tout ki la maten an, nou vini bay jounan sa sans li genyen. Biwo
Sekretè deta alfabetizasyon an gen obligasyon pou leve defi konbat analfabetis nan peyi a, epi ede yo rive jwenn tout lòt konpetans ki nesesè, pou yo viv jan yo dwe viv tankou moun nan sosyete a”.

Sandra Suzette Michel Saint Georges te pwofite moman an pou devwale kèk chif ki gen rapò ak moun ki pa konn li anndan peyi a. “Pousantaj mwayen moun ki analfabèt yo evalye a 57,24 % ; 59,14 pou tifi ak fanm yo, 55,27% pou tigason ak mesye yo. Konsiderasyon sa yo fèt sou moun ki gen 13 lane e plis . Depatman ki pi konsene yo se lwès ak Nò kote yo plis pase 65%; depatman ki gen pi piti pouzantaj analfabèt a se Nòdes , 44,2 %.”

Pandan selebrasyon sa, Biwo Sekretè Deta Alfabetizasyon te tou pwofite enstale “komisyon interinstitutionnelle edikasyon non fomel” ki pral travay, daprè nouvèl oryantasyon leta bay tèt li nan domèn alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl la, daprè madam Sandra Suzette Michel Saint Georges.

Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plizyè milye sètifika deja. Li siyen tou pwotokòl akò ak 22 òganizasyon ki pral louvri plis pase 1300 klas alfabetizasyon nan jou k ap vini la yo.

Minis Nesmy Manigat ki te pran lapawòl tou te fè konnen nan deklarasyon li yo, koze alfabetizasyon pa gen pou wè ak tan pèdi men pito se respekte dwa yon kategori moun genyen pou yo aprann li ak ekri. “Alfabetizasyon se pa yon tan pèdi. Alfabetizasyon se respekte dwa yon kategori moun anndan sosyete a genyen ; dwa pou yo konn li ak ekri. An menm tan, alfabetizasyon se envestisman nan yon bann konesans kategori moun sa yo genyen deja, sa ki kapab ede yo transmèt konesnans sa yo pi byen.”

Plizyè lòt moun tankou reprezantan Unicef, UNESCO, rektè Inivèsite Leta a, prezidan Akademi Kreyòl ayiseyen an, te pran lapawòl nan okazyon selebrasyon sa pou te kapab rive konsyantize moun yo sou enpòtans Alfabetizasyon genyen anndan peyi a.

Dekouvri plis:

Ariel Henry et d’autres chefs d’État saluent le départ de la reine Elizabeth II

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu