Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP anonse tout bagay pare pou resevwa 115 337 kandida ki pral patisipe nan egzamen bakaloreya

MENFP anonse tout bagay pare pou resevwa 115 337 kandida ki pral patisipe nan egzamen bakaloreya

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse tout bagay pare pou dewoulman pwosesis la k ap resevwa 115 337 kandida ane a.

Direktè Jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal la, Meniol Jeune, nan kad yon konferans pou laprès anonse tout bagay pare pou fasilite bon jan dewoulman egzamen bakaloreya k ap fèt sou tout teritwa a soti vandredi 1e pou bout mèkredi 6 jiyè kote 115 337 kandida ap patisipe nan eprèv yo.

Nan kad konferans sa, Direktè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) la raple yon lòt fwa ankò konsiy kandida ak lòt moun yo dwe respekte pandan l avèti yo sanksyon ki ka tonbe sou yo si yo pa respekte konsiy sa yo. Meniol Jeune raple kandida yo ak siveyan pa dwe itilize telefòn anndan sant egzamen yo, yo pa dwe itilize kalkilatris pwogramab ak lòt zouti kominikasyonèl. Nimewo 2 ministè a raple gen sanksyon ki ka tonbe kont moun k ap fè fwod oubyen ki ta konplis nan fwod.

Yon lòt bò, Meniol Jeune ki konsyan kalite travay ak angajman ki genyen nan koze reyalizasyon egzamen Leta sitou Bakaloreya, te pwofite voye mo remèsiman bay siveyan, sipèvizè, delege sikwi, Direktè sant egzamen yo, Direktè Depatmantal yo, manm komisyon Nasyonal egzamen Leta yo, lapolis pou dispozisyon y ap gen pou pran pou rann pwosesis la yon reyisit.

Advertisement. Scroll to continue reading.

Daprè chif BUNEXE mete deyò nan kad konferans sa, 48% nan kandida sa yo se nan depatman Lwès la yo soti avèk yon chif ki se 56 213 elèv. Latibonit vin an dezyèm ak 12 249, Nò vin an twazyèm ak 11 722 elèv. Depatman Nip se li ki bay pi piti kandida avèk yon chif ki se 3 536 elèv. Ministè a mete 572 sant egzamen pou akeyi elèv yo.

MENFP anonse tout bagay pare pou resevwa 115 337 kandida ki pral patisipe nan egzamen bakaloreya

Dekouvri plis:

La PNH confirme que les trois individus tués ce mercredi matin à Lalue sont des présumés kidnappeurs

Advertisement. Scroll to continue reading.
Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

 Le MENFP annonce l’ouverture des inscriptions pour la deuxième session des candidats recalés du baccalauréat de juillet 2023. Le ministère de l’Éducation nationale et...

Éducation

 Le MENFP clôture l’atelier de deux jours sur la révision de la Politique et la stratégie nationale d’alimentation scolaire. Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Aktyalite AN KREYÒL

 Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anonse li entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise ak lekòl nasyonal peyi Ayiti. Nan yon kominike pou...

Aktyalite AN KREYÒL

 Ministè Edikasyon Nasyonal kondane zak sasinay sou Jean Louis Samuel, yon elèv segondè 1 nan Kafoufèy. Nan yon kominike pou laprès li pibliye jounen...