Connect with us

Hi, what are you looking for?

Edikasyon

MENFP deside pwolonje enskripsyon obligatwa anliy pou elèv ak anseyan yo jiska 12 avril 2024

Inscription à la session des recalés du bac d’août 2024 : dates et conditions annoncées par le MENFP
Getting your Trinity Audio player ready...

MENFP deside pwolonje enskripsyon obligatwa anliy pou elèv ak anseyan yo jiska 12 avril 2024

Biwo kominikasyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse enskripsyon obligatwa anliy pou elèv ak anseyan yo ki te dwe kanpe depi 15 mas pase a pwolonje jiska 12 avril pwochen. Desizyon sa daprè responsab yo se nan lide pou vanse pi byen ak nimerizasyon e dijitalizasyon tout done sou lekòl yo nan peyi a kote 17 618 lekòl, 1 811 123 elèv ak 61 669 pwofesè getan anrejistre pou ane akademik 2023-2024 la.

“Pou n vanse pi byen ak nimerizasyon e dijitalizasyon tout done sou lekòl yo nan peyi a, MENFP deside ranvwaye jiska 12 avril 2024 dat limit li te bay pou enskripsyon anliy Lis fòmasyon klas elèv yo ak lis pwofesè yo sou sit entènèt MENFP: www.menfp.gouv.ht, ki te fikse nan dat 15 mas 2024 pou lane akademik lan”

Ministè a anndan nòt sila te kontinye pou l di li menm ak patnè l yo pral kontinye sipòte lekòl yo pou fasilite pwosesis la, sitou ak Sant Dapèl ministè a, kote moun ka rele nan nimewo sa yo: +509 44 68 43 75 /+509 31 26 75 19.

Yon lòt bò, Ministè Edikasyon Nasyonal souliye pou l di desizyon pwolonje enskripsyon obligatwa anliy lan se sou demann direktè lekòl yo ki vle benefisye yon dènye delè nan kesyon anrejistreman anliy lan.

“Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) gentan jwenn enfòmasyon sou anviwon 50 % nan elèv yo ki deja anrejistre epi otomatikman gen Nimewo Idantifikasyon Eskolè Inik, ki obligatwa pou enskripsyon kandida lekòl yo nan egzamen Leta yo”

MENFP raple nimewo Idantifikasyon Eskolè Inik la ap garanti « trasabilite » pakou chak elèv ak etidyan, soti nan lekòl preskolè rive nan inivèsite, epi tou fasilite pou jwenn relve nòt ak diplòm atravè biwo MENFP yo ak platfòm anliy lan.

Responsab Ministè Edikasyon yo di yo konte sou kolaborasyon tout aktè ki nan sistèm edikatif la ak patnè l yo pou finalize operasyon sa a ki pral garanti pwoteksyon done elèv yo, evite move manipilasyon, epi fasilite aksè done sa yo sou entènèt, menm jan tankou tout done sou ekzamen bakaloreya. Sa ki pèmèt Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEXE) ka otantifye done sa yo e bay sètifika ak relve.

MENFP deside pwolonje enskripsyon obligatwa anliy pou elèv ak anseyan yo jiska 12 avril 2024

Li tou :

La BRH prend de nouvelles dispositions pour faciliter l’encaissement des chèques de la Police

1 Comment

1 Comment

  1. Viljean Louis

    30 mars 2024 at 13h33

    Formulaire de l’école pour l’inscription en ligne

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Nominations de directeurs généraux au sein du gouvernement de transition et d’un directeur de cabinet du CPT Dans...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Bilan positif pour le déroulement des examens de la 9ème année fondamentale, selon les responsables du MENFP. La...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... La Banque interaméricaine de développement, la fondation Education Above All et le Partenariat mondial pour l’éducation s’unissent pour...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le Ministère de l’Éducation Nationale prêt à accueillir 186.370 candidats aux examens de la neuvième année fondamentale et...