Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

MENFP ekate direktè Jean Albert Bellerice poutèt vye mo sal li di elèv yo

MENFP ekate direktè Jean Albert Bellerice poutèt vye mo sal li di elèv yo

Ministè Edikasyon Nasyonal ekate direktè Jean Albert Bellerice nan tèt lekòl “Institution Bellerice Castera” poutèt vye mo sal li di elèv yo.

Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, anonse sou kont Twitter li, Ministè l ap dirije a deside ekate Direktè Jean Albert Bellerice nan tèt “Institution Bellerice Castera” paske li ta di yon elèv anndan lekòl sa anpil vye mo blesan.

Desizyon sa vini aprè yon odyo ki ap sikile kote moun ka tande Direktè sa ki ap joure elèv la. “Ou pa gen plas ou la, madigra, maskarad (…)”, se kèk pawòl Jean Albert Bellerice t ap di elèv la pandan elèv sa t ap di l pa di l pawòl sa yo paske manman l pa voye l la pou li ap di l vye mo.

Direktè sa pa t tande ni wè, li te pèsiste pou l ap di elèv la: “M pa frenk konnen sa w te vin chache la. Soti devan m, pati. Pati chyèn, ale grate”. Direktè sa ta pral jwenn sipò yon swadizan madam Martine ki nan lekòl la ki t ap kontrenn elèv la pou l pa replike, pou l bese ton l pandan pa pran an konsiderasyon jouman direktè a t ap mete pou elèv sa. Madam Martine menm deklare bay elèv la: “ou pa gen repons pou l bay.” Sa ki ta pral fè Direktè a gen plis pouvwa pou l kontinye ap di elèv la: Grizèt, ale fout jape deyò, grate pis.

Nan nòt Ministè, li fè konnen li resevwa anpil plent, sa ki pouse yo mete direktè a aleka annatandan ankèt ak lòt desizyon administrativ ak legal pran. Pou kounya se yon komisyon pwovizwa k ap jere lekòl sa ki chita kò l nan Nèrèt, komin Petyonvil.

Ministè Edikasyon Nasyonal raple dwa lwa 11 septanm 1974 ba l pou aji kont move konpòtman sa yo kote li ka retire pèmi anseyan, lisans fonksyònman lekòl la elatriye.

MENFP ekate direktè Jean Albert Bellerice poutèt vye mo sal li di elèv yo

En savoir plus:

94 bandits tués, 4998 arrestations, 234 armes à feu saisis: bilan des six premiers mois de gestion du DG de la PNH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu