Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ministè Kondisyon Feminin  mande ak lajistis pou fè limyè sou dènye asasinay ki fèt Dèlma 32 a

Ministè Kondisyon Feminin  mande ak lajistis pou fè limyè sou dènye asasinay ki fèt Dèlma 32 a

Ministè kondisyon Feminin ak Dwa Fanm mande ak lajistis pou fè limyè sou dènye asasinay ki fèt Dèlma 32 ak Kriswa (Akasya)

Ministè Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm, nan yon nòt pou laprès li mete deyò ki pote siyati minis Marie Giselhaine Monpremier, dekri sitiyasyon ensekirite peyi a ap viv dènye moman sa yo, pale sou sa k te fèt nan lannuit 29 pou louvri 30 jen, epi mande ak jistis peyi a pou fè limyè sou zak asasinay sa yo.

Nan kòmansman nòt sa, Ministè Kondisyon Feminin pa entèmedyè titilè li ki se madam Giselhaine Monpremier, konstate peyi a ap rantre pi fon pi plis. Yon sitiyasyon daprè minis lan ki lakoz anpil moun pèdi lavi yo kote timoun, jèn, granmoun, gason kou fi pa epanye.

Nòt sa te pwofite aprè anviwon senk jou aksyon sa pase pou mete aksan sou fiziyad Dèlma 32 ak nan Kris Rwa  asasinay ki fèt sou jounalis Diego Charles ak militant Marie Antoinette Duclaire, nan lannuit 29 pou louvri 30 jen.

Sa k rive a, minis lan kwè ke peyi a kontinye pèdi moun ki kwè nan yon demen miyò, manman ak papa pitit k ap chache lavi… Epi kontinye pou di Marie Antoinette Duclaire te kwè nan yon sosyete kote gason ak fanm dwe jwi menm dwa ak privilèj.

Minis lan kontinye pou l di anndan nòt sa ke lanmò Netty se yon gwo pèt pou peyi Dayiti, pou lit fanm yo ak militant feminis yo. Minis Monpremier estime lanmò jounalis Diego Charles, militant Marie Antoinette Duclaire ak rès moun Dèlma 32 yo vin mete gwo latwoublay nan lespri popilasyon an ki deja ap viv yon moman difisil.

Se te okazyon pou minis lan mande ak tout aktè pou pran chimen dyalòg ki daprè li kapab degaje yon konpromi politik ki ka garanti yon bon klima sekirite

Pou fini nòt sa, minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm  nan mande ak lajistis pou pran tout mezi pou fè limyè sou dosye sa yo.

Ministè Kondisyon Feminin  mande ak lajistis pou fè limyè sou dènye asasinay ki fèt Dèlma 32 a

Dekouvri plis:

Le président a nommé le Dr Ariel Henry comme son nouveau premier ministre

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Droits des femmes

Le Ministère à la condition féminine et ses partenaires ont encore dit non aux violences faites aux femmes Le Ministère à la Condition Féminine...

Actualités

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 29 juin 2023. 29 juin 2021: assassinat...

Actualités

Le Ministère à la Condition Féminine et aux Droits des Femmes (MCFDF) honore dix femmes qui occupent des postes de décision au niveau de...

Société

Le ministère à la Condition Féminine et les Nations unies s’activent pour l’élimination de la violence à l’égard des femmes. Le Ministère à la...