Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Mizik: Ou pa gen parèy, yon istwa vrè Roody ap eksplike

Mizik: Ou pa gen parèy, yon istwa vrè Roody ap eksplike

Atis Roody Roodboy soti sou paj li yo jodi jedi 25 fevriye a, bò minui tapan, yon nouvo mizik ki rele “Ou pa gen parèy”.

Nan ti pale ak atis la maten an sou nouvo mizik sa, li fè konnen mizik sa dekri tout reyalite a

“Istwa a li konsène 2 moun ki renmen lontan epi ki deside mete tèt yo ansanm malgre vanze mare pou yo kapab reyisi nan lavi yo epi fonde yon fwaye”.

Atis la te kontinye ak eksplikasyon yo pou l montre sa vrèman difisil bò kote nouvèl jenerasyon an, kote moun ki renmen yo pè soufri ansanm, plis ap veye rezidans elatriye

“Se souvan bagay ki prèske enposib sitou nan nouvèl jenerasyon an pou 2 moun aksepte soufri ansanm paske souvan jenès la kounya renmen bagay tou pare kòmsi anpil ti fanm alèkile yo kwè nan yon nèg ki ka ba yo rezidans fè yo pati, yon nèg ki ka voye lajan ba yo lòtbò. Menm nèg isi tou, yo gen dwa kwè nan yon fanm lòtbò ki ka retire yo atè a la. Moun sa m renmen l, fò m pa mete enterè a an premye kondisyon men se travay pou n soti nan sa nou ye a ansanm pito”, eksplike Roody sou yon ton kalm.

Pi lwen, Roody fè konnen sa ki enspire l tou vin ak yon mizik konsa se manman l ak papa l. Si atis la kwè ke nouvèl jenerasyon an pa twò aksepte soufri nan lanmou men li te viv soufrans manman l ak papa l lè 2 moun sa yo t ap viv

“Sa ki vrèman enspire m mizik sa se manman m ak papa m. Jodi a si lekòl mwen ka peye, si m resevwa edikasyon sa m genyen an se paske m te suiv egzanp moun sa yo. M s on nèg ki leve nan yon sèl pyès kay m viv sa. Sa w wè m ap chante a se bagay mwen viv se pa Istwa pèsonèl mwen menm si gen kèk ti bagay byen detaye tankou pran moto a mennaj ou s on bagay ke m viv men vrèman sous enspirasyon an se manman m ak papa m. M te vle pou li gen plis fòs se sa k fè m fè videyo a ak madanm mwen”, avwe atis la.

Roody Roodboy fè konnen madanm li jwe yon gwo wòl aktris nan videyo a, yon fason pou l montre li etone de sa

“Madanm mwen ki jwe yon gwo gwo wòl aktris nan videyo sa. Paske se premye fwa nan vi m, se nan tounaj videyo sa m wè madanm mwen a moumou, se nan tounaj videyo sa m wè madanm mwen ak bokit dlo sou tèt li, se pa yon moun ki konn fè bagay sa yo. Sa vle di li rantre nan mond lan pou l kapab ede m vann rèv lan ede m akonpli objektif ke m te genyen an”.

Videyo mizik sa ki soti a minui te getan gen 50 mil vyou a 3 è nan maten. Nan moman nou t ap ekri atik sa, Ou pa gen parèy te getan atenn 134 mil vyou sou YouTube. Pou Roody feedback yo trè pozitif sou entènèt la.

Yon mizik ki soti pou 2 an Roodensley

Pitit gason Roody a ki se Roodensley Dauphin fèt 24 janvye 2019. Pou 2 lane pitit li a ke l toujou ap kache vizaj li epi mete sispens ak atant bò kote fanatik yo, Roody fè konnen li te deside lage mizik sa nan okazyon sa epi fè piblik la fè konesans ak vizaj pitit gason l lan pou kanpe pawòl anpil yo

“Anpil moun te anvi wè Roodensley se te anivèsè misye, nou pwofite mete kèk segond misye nan videyo a pou n ka soti nan pale anpil avèk pou n te ka satisfè swaf moun yo”.

Sou chwa mete fanmi l nan videyo a. Roody fè konnen li se yon moun ki kwè nan fanmi l, pandan l te tou pwofite ekspoze tout sa madanm li pote nan lavi l depi lè yo ansanm

“M s on nèg ki vrèman kwè nan fanmi m, m vrèman soude avèk sa yo rele fanmi an dayè Roodensley se tout sa m genyen, madanm mwen ede m anpil nan sa m ye jodi a parapò avèk konsèy, limit ke l pèmèt mwen pran nan de seri de bagay, li fè m mete plis disiplin pou m ka fonksyone. M panse mete l an valè a li vrèman bon pou mwen”, eksplike ansyen finalis DigicelStars 2010 la.

Sou chwa soti mizik la a minui

Gen kèk moun ki panse se paske Rockfam t ap lage mizik a 8 tè ki fè Roody te deside lage pa l la a minui. Lè nou mande l rezon chwa lage mizik la a minui, entèrese a te reponn konsa

“Onètman m ap di w ke videyo a avèk mizik lan te dwe soti 24 fevriye a 8 è di swa. Yè swa se te fèt Roodensley, m t ap soti l pou fèt Roodensley. Men kounya Tuncor te gen yon reta ke l ban mwen nan kesyon copyright mizik lan sa fè ke m te di m ap soti mizik lan 26 pito se sa k fè m po t ko janm poste pou m di kilè m ap soti mizik lan.

Kounya yè nan fèt Roodensley la tout paran ki vin nan fèt la, ki vin ak pitit yo, yo fè foto, yo fè videyo epi videyo sa yo te deja ap sikile sou rezo donk m pa t vle pèsòn lòt moun pran eksklizivite imaj Roodensley a sou mwen, mwen oblije kouri lage yè swa”.

Fo fim k ap fèt, pwochen mizik Roody

Apre soti ou pa gen parèy la, atis la fè konnen l ap pare pou soti chak mwa yon nouvo mizik. Pwochen an se “Fo fim k ap fèt”

“Chak mwa m ap soti yon mizik. Dezyèm mizik m ap soti a m ap tou anonse l sou Juno7 li rele Fo Fim k ap fèt. Sa s on lòt story ankò ke m ekri. Se mwen ki ekri ni tèks lan, storyboard ki pral dewoule nan videyo a se mwen menm ki ekri l. Sa s on lòt pale anpil ankò ki pral fèt nan mwa k ap vini yo la. Chak mwa m ap lage yon bagay”.

Pou te fèmen entèvyou a, Papa Roodensley di ak fan li yo ke yo nan yon mond pou kont yo, yo se ayisyen, yo pa chinwa ni ekstraterès. Li tou mande yo pataje link lan pou mizik la rive lwen epi enpresyone nan estatistik yo

“Fanatik Roody Roodboy nou nan yon mond pou kont nou. Nou menm nou se ayisyen, nou pa chinwa, nou pa japonè, nou pa ekstraterès, nou se ayisyen. An n pataje ti link lan, an n fè ti mizik atis nou an rive pi lwen ke posib. Konba a se pa nan ni pi fò, ni pi gran, ni la avan ni la aprè, se rezilta se chif. An n al ede m goumen ak chif yo, pataje link yo pou m ka fè gòl la”.

Dekouvri plis:

MSF transfère des patients brûlés à cause des affrontements armés à Drouillard

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu