Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MJSP mande pou sitwayen yo pa plede manyen lèt menas y ap resevwa nan men bandi epi rele Pakè ak DCPJ

MJSP mande pou sitwayen yo pa plede manyen lèt menas y ap resevwa nan men bandi epi rele Pakè ak DCPJ

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik mande pou sitwayen yo pa plede manyen lèt menas y ap resevwa nan men bandi epi rele Pakè Pòtoprens ak DCPJ nan 2 nimewo li rann piblik.

Nan yon nòt li mete deyò, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) nan yon nòt li mete deyò mande ak popilasyon an sitou moun k ap resevwa lèt menas nan men bandi pou yo pa twò manyen yo, yon fason pou anprent dijital ak lòt prèv pa disparèt. Li pwofite kominike 2 nimewo pou rele Pakè Pòtoprens nan 36049602 oubyen DCPJ nan 37 33 36 40.

“MJSP ap fè tout moun konnen depi yo jwenn lèt sa yo pou yo pa manyen yo twòp on fason pou anprent dijital ak lòt prèv pa disparèt. Direksyon santral Lapolis jidisyè (DCPJ) ak Polis syantifik kapab jwenn moun ki ekri yo gras ak bazdone Leta genyen epi ki chaje enfòmasyon sou moun ki gen kat idantifikasyon oubyen lòt dokiman”, se sa Ministè a ekri nan nòt sa pou alète popilasyon an.

Depi kèk jou, enfòmasyon k ap sikile fè konnen gen enstitisyon, komès, lekòl ak sitwayen, ki lakay yo, ki ap resevwa lèt menas komkwa bandi pral detwi byen yo, kraze kay yo, touye yo, kidnape yo si yo pa bay lajan. Daprè menm enfòmasyon sa yo, endividi sa yo bay lèt nan zòn Tijo, Pako, Wout Frè, elatriye.

Se nan sans sa, MJSP mete nòt sa deyò epi asire sitwayen yo moun ki ekri lèt sa yo, Leta ap idantifye yo, pran tout dispozisyon pou pa delivre yo pyès tankou paspò, kazye jidisyè, limite aksè yo ak on seri sèvis, mete manda dèyè yo, arete yo pou aktivite teworis jan Lwa 2013, ki modifye an 2016, sou blanchiman ak finansman teworis presize, ak Lwa oktòb 2017 sou kidnaping ki modifye lwa 20 janvye 2009 la.

Akoz fenomèn ensekirite a ak lèt menas sa yo, plizyè lekòl nan kapital la fèmen pòt yo. Sa k gen posiblite, yo fè kou an liy pou timoun yo. Anpil moun ap deplase akoz afwontman gang nan peyi a.

MJSP mande pou sitwayen yo pa plede manyen lèt menas y ap resevwa nan men bandi epi rele Pakè ak DCPJ

Dekouvri plis:

Pour la deuxième année de rang, le PSG s’arrête en huitièmes de finale de la Ligue des champions

Click to comment

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Plus de contenu

Justice

Difrance Gamby, arrêté par la brigade de protection des mineurs pour viol sur une dizaine de petits garçons. A la suite de sa convocation,...

Actualités

Retard dans la livraison des blindés commandés par l’Etat, la compagnie INKAS répond et qualifie de mensonges éhontés les propos de la ministre de...

Éducation

Le MJSP et le MENFP tentent de sauver l’année scolaire. “Une importante rencontre s’est tenue ce jeudi après-midi au Ministère de la Justice et...

Actualités

La ministre de la justice Émmelie Prophète a reçu la visite d’une délégation du Bureau Intégré des Nations-Unies en Haïti (BINUH). Le Ministère de...