Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Mobilizasyon: Konsèy akademik UP a di l choke pou britalite polisye yo kont etidyan l yo

Mobilizasyon: Konsèy akademik UP a di l choke pou britalite polisye yo kont etidyan l yo

Plizyè etidyan nan inivèsite Pòtoprens (UP) te foule beton an yon lòt fwa ankò yè lendi 22 fevriye a, pou reklame liberasyon pwofesè Abdias Edumé endividi kidnape semèn pase a.

Pandan dewoulman mouvan sa sou Lali, Riyèl Rivyè ak kèk zòn avwazinant, te gen gwo panik nan zòn sa yo kote kawotchou t ap boule, sikilasyon an te pratikman pa t posib pou jan tansyon an te ye ant etidyan ak polisye.

Fòs lòd yo pou riposte te tire anpil gaz lakrimojèn kote menm espas Inivèsite Pòtoprens lan pa t epanye. Polisye yo te tire tou bal reyèl ki ta koz yon etidyan UP ke yo konnen sou non Stanley pran bal.

Fas ak konpòtman polisye yo, nan yon nòt pwotestasyon konsèy akademik inivèsite a di l santi l endiye epi choke fas ak britalite polisye yo fè sou etidyan yo.

Se menm nòt sa ki enfòme tou gen yon etidyan inivèsite sa ki resevwa yon bal nan men yon ajan USGPN. Selon enfòmasyon redaksyon jounal la genyen oprè de yon etidyan ki te nan mouvman sa, aksyon sa pase pandan etidyan yo te anpeche yon kòtèj ofisyèl desann  epi polisye USGPN yo ta pral reyaji pou riposte jistan kòtèj la te kontinye wout li, selon eksplikasyon etidyan sa.

Pi lwen nan nòt sa, konsèy akademik lan egzije yon ankèt nan objektif pou pini koupab zak sa epi te tou pwofite voye senpati l bay etidyan sa ki blese a epi swete l bon retablisman.

Etidyan sa yo ki lanse mouvman sa depi vandredi pase a, fè konnen y ap sou beton an jodi a ankò toujou nan  objektif pou mande liberasyon pwofesè Abdias Edumé.

Dekouvri plis:

Aidez Neïssa Parfait à devenir “Miss Africa Russia”, votez pour elle

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Etidyan Inivèsite Pòtoprens yo (UP) te mobilize jodi a pou denonse zak kidnapin ki fèt sou youn nan pwofesè yo ki se Abdias Edumé....